Accessibility links

Breaking News

Ayiti:Inogirasyon Konferans Minis Afè Etranjè Peyi Karibeyen yo Nan Pòtoprens


Se vandredi swa 30 janvye a Konferans minis afè etranjè eta karayib yo ap boukle travay li nan kapital Ayiti a, Potoprens. Prezidan ayisyen an, Rene Preval, te inogire syans la vandredi maten nan Caribe Convention Center a nan kapital aysiyen an. Ayiti se aktyèl prezidan gwoup nasyon AEC yo-- yon prezidans a tou de wòl ki dwe al jwenn Kolonbi menm vandredi 30 janvye a. Pami kesyon minis yo te dwe debat, genyen kesyon anviwonnman an.

Ale sou ralonj ki anwo, adwat paj-wèb la pou n' tande korespondans Rotchild la.

Yon lòt kote, Sekretè jeneral adjwen OEA a, Albert Ramdin, kap fè yon vizit Ayiti, ankouraje gouvènman ayisyen an òganize yon konferans bayè de fon nan kapital federal ameriken an Washington. Ambasadè Ramdin di Lavwadlamerik, konferans sa a nesesè pou Ayiti sansibilize Kominote entènasyonal la sou pwoblèm soyal e ekonomik lap konfwonte yo. Sekretè jeneral òganizasyon rejyonal la di li ekri premye minis ayisyen an, Madam Michèle D. Pierre-Louis, pou fè l' konnen ke li mete katye jeneral OEA a aladispozisyon n ' sizoka li ta vle oganize konferans sa a nan Washington DC.

Mesye Ramdin ajoute "se pa kominote entenaysonal la ki poul òganize konferans bayè de fon yo. Se yon inisyativ gouvènman aysiyen dwe pran. Wòl baye de fon yo se koòdone asistans y'ap bay gouvènman aysiyen an pou ede l' reyalize objketif devlopman ekonomik ak sosyal li yo.

Jiska prezan responsab ayisyen yo pokofikse yon dat pou konferans bayè-de-fon ki te dwe fèt ane pase a.

Sou plan elektoral e politik, responsab pati politik ayisyen Alyans Demokratik deside li pap voye kandida al patisipe nan eleksyon senatoryal pasyèl ki fikse pou 19 avril la. Chef pati a, Evans Paul, ap di Lavwadlamerik pou ki rezon li pa nan kous elektoral la.

Silvouplè, fè yon klik sou ralonj anwo, adwat paj sa a, pou devlopman tèm sa yo.

XS
SM
MD
LG