Accessibility links

Breaking News

Wi Pou Depar "Eventuel" Twoup Minustah Yo Apati 2011...Men Nan koòdinasyon E Pezape


Sousekretè Jeneral Operasyon Mentyen lapè nan Òganizasyon Nasyonzini an, Alain Le Roy, deklare jedi nan Pòtoprens retrè twoup Minustah (Misyon Nasyonzini pou stablizasyon Ayiti) ka koumanse apati ane 2011 si tout kondisyon yo ranpli.

Deklarasyon sa a relanse deba sou sa yo rele « l'après Minustah a » An 2 mo 3 pawòl:twoup etranje yo ale, wi... e apre ki sa responsab yo pral fè pou konble vid ya'p kite a.

Prezidan Komisyon Justis ak Sekurite nan Sena ayisyen an, Youri Latortue, bay Lavwadlamerik opinyon l'. Li di wi pou retrè, men li dwe fèt nan lòd. Lavwad'lamerik mande tou prezidan Komisyon Prezidansyèl kap travay sou kesyon sekirite a, Patrick Elie, reyaksyon li sou deklarasyon responsab Nasyonzini an, an palan Mesye Alain Le Roy. Repons li an "mitigé" :wi paske yosou tè Jean-Jacques Dessalines (1) nan men a byen reflechi, si twoup Minustah yo sòti brid-sou-kou sa ka kreye plis dezekilib e fòk retrè a fèt nan koòdinasyon ak otorite ayisyen yo".

Antretan, korespondan nou Renan Toussaint anonse n' Gad-kòt Etazini mennen tounen nan peyi Dayiti 242 konpatriyòt ayisyen ki te eseye antre yon fason ilegal sou tèritwa ameriken an. Bò pa li, Rotchild François Jr. anonse pou vandredi 30 janvye a ouvèti Konferans Minis Afè Etranjè Eta Karibeyen yo nan kapital ayisyen an, Pòtoprens.

NB: Pou detay sou tout pwen sa yo, al fè yon klik anwo, adwat, paj wèb sa a.

(1) Jean-Jacques Dessalines Fondatè Endepandans peyi Dayiti ki te sèmantè pou etranje pat janm pile tè Dayiti antanke moun kap vinn pase lèzòd

XS
SM
MD
LG