Accessibility links

Breaking News

Konsèy Elektoral Ayiti a ap Analize Dosye Kandida Pou Vòt 19 Avril la


Konsèy Elektoral Pwovizwa a ap tann Ministè Lajistis pwononse l sou reprezantan legal Pati Fanmi Lavalas apre plizyè kandida soumèt kandidati yo pou menm pòs, nan plizyè depatman.

Ansyen Premye Minis Yvon Neptune ak militan Annette Auguste alyas "Sò Ann" ap dirije yon branch nan pati a tandiske Senatè Rudy Heriveaux ak Marise Narcisse ap dirije yon lòt.

Lavwadlamerik te kontakte Direktè-Jeneral KEP a Pierre-Louis Aupont ki deklare enstitisyon an poko pran okenn desizyon final e l'ap kontinye etidye pyès kandida yo.

Yon lòt responsab nan KEP a ki pat vle fè deklarasyon piblik di nou kapab gen yon desizyon sou dosye Lavalas la, ak lòt kesyon ki konsène eleksyon 19 avril la, disi fen semèn sa a.

Otorite yo vle renouvle yon tyè nan Sena a, pandan y'ap ranplase Senatè Rudolph Boulos ki pèdis plas li pou doub sitwayènte ak Senatè Emmanuel Limage ki te mouri nan yon aksidan machin.

Direktè Nouvèl youn nan afilye nou yo (Radyo Ginen) ban nou plis detay sou dosye eleksyon an.

Fè klik sou ralonj ki adwat paj la pou w koute interview nou an ak Jorel Labadie.

XS
SM
MD
LG