Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Ap Panche Sou Politik Etranjè Nan Premye Jounen Konplè li Sou Pouvwa a


Prezidan ameriken an, Barack Obama, gen pou li takle kèk kesyon politik etranjè jodi a, nan premye jounen konplè lap pase nan biwo oval lamezon blanch la. Pa egzanp, li kapab panche sou dosye Mwayenn Oryan an. Nan diskou envestiti a, yè madi a, msye Obama te siyale entansyon n pou li pote chanjman nan politik etranjè Washington.

“Se pou n’konnen ke Lèzetazini se zanmi chak peyi ak chak gason, fanm ak timoun kap chache yon avni ki chita sou lapè ak diyite, e nou pare, yon fwa ankò, pou nou jwe yon wòl lidè sou sèn mondyal la.”

Laprès site kèk asistan Prezidan Obama ki di premye aksyon n nan palè a jodi a se pral nonmen ansyen Senatè George Mitchell kòm anvwaye espesyal li nan Mwayenn Oryan an. Pita nan jounen an, lidè ameriken an pral reyini ak manm Konsèy Sekirite Nasyonal la pou l kòmanse re-evalye lagè Irak ak Afghanistan an. Pandan kanpay elektoral la, Barack Obama te pwomèt lap wete sòlda ki nan Irak yo nan yon delè 16 mwa e lap re-panse fason gè Afghanistan an ap dewoule.

Tandiske politik etranjè ak sekirite nasyonal nan tèt agenda nouvo Prezidan an pou premye jounen li nan Mezon Blanch la, moun li chwazi kòm Chèf Diplomasi li a, Hillary Clinton, poko ratifye nan Kongrè a. Yon palmantè Repibliken Tegzas te bloke vòt pou Madam Clinton nan, men se posib pou Sena a pwononse l sou dosye a anvan jounen an bout, dapre lidè majorite a, Harry Reid.

Fè klik sou ralonj ki adwat la pou w ka koute repòtaj la.

XS
SM
MD
LG