Accessibility links

Breaking News

Washington, DC Ranpli ak Vizitè Pou Prestasyon Sèman Prezidan-eli Barack Obama



Kapital federal Etazini an, Washigtnon, D.C, ranpli ak vizitè depi douvanjou maten an, pou gwo evènman istorik jounen an, envestiti 44èm Prezidan peyi a, Barack Obama.
Dapre otorite local yo, se posib pou gen omwen ant youn ak 2 milyon moun nan espas ki toupre Kongrè a, pou seremoni prestasyon sèman an. Deja gen yon seri aktivite ki dewoule, depi samdi 17 janvye a, pou bay piblik la apeti e anonse Moman Obama a.

Plizyè douzèn gala, yon konsè an plennè ki te reyini plis pase 700-mil moun, bal, konferans, elatriye. Jounen lendi a te konsakre pou onore memwa defen lidè mouvman dwa sivik ane 60 yo, Reveran Doktè Martin Luther King, Jr. Nan okazyon sa a, Prezidan-eli a te lanse yon apel pou responsablite ak patisipasyon nan sèvis kominotè, pandan li tap vizite yon abri pou jèn ki pa gen kay.

Barack Obama raple tout Ameriken obligasyon sakre yo genyen pou yo kontribye nan relèvman katye yo, vil yo, ak nasyon an.

Li di, “Si nap ret’ tann pou se yon lòt moun ki fè kichòy, anyen pap janm’ fèt. Nou pral oblije pran responsablite nou. Nou tout pral oblije fè sa. Kidonk se pa senpman pwogram yon jounen.”

Msye Obama, selon analis-yo, ta dwe repete menm tèm sa a nan diskou envestiti li a, apre li va fin prete sèman, a midi, nan Kapitòl la.

Sevis Sekrè ak Lapolis nan Washington deplwaye yon dispozitif sekirite pwenn-fè-pa nan perimèt kote seremoni yo pral dewoule jodi a nan Washington. Depatman Sekirite Teritoryal la deklare pa gen okenn menas kredib pou yon atak, sepandan otorite yo prepare pou fè fas ak tout yon seri katastwof posib.

Dapre analis ki konn’ dosye a, se pi gwo operasyon sekirite ki sou pye nan istwa prestasyon sèman Prezidan ozetazini. Anpil lari bloke. Elikoptè ap fè patwouy anlè. Avyon-de-gè prepare pou sizoka… E omwen 8-mil polisye ap bay sekirite pou foul la, sou gwo plas ki relye Kongrè a ak Moniman Abraham Lincoln nan. Anplis de sa, plizyè milye sòlda pral soutni lapolis nan operasyon sila a. Leta ameriken depanse plizyè dizèn-milyon dola pou okazyon an.

XS
SM
MD
LG