Accessibility links

Breaking News

Gouvènè-Jeneral Canada a Retounen Nan Peyi l Apre Yon Vizit ann Ayiti


Gouvènè-Jeneral Canada a, Michaelle Jean, retounen nan peyi l apre li fin pase 4 jou ann Ayiti nan kad efò pou kore relasyon ant 2 peyi yo. Reprezantan Rèn Angletè a di dirijan ayisyen yo: « li lè pou aksyon ranplase bilan ». Korespondan nou Rotchild François Jr di Premye-Minis Michelle D. Pierre-Louis rekonèt sitiyasyon peyi a grav.

Anvan Gouvènè-Jeneral la te boukle vizit li a ann Ayiti li te pase nan Gonayiv kote li pale ak peyizan yo sou apui Canada ap bay rejyon sa a ke kat siklòn ak tanpèt twopikal te ravaje ane pase.

Ou kapab tande repòtaj Alfred Jean depi Gonayiv ak Rotchild François, Jr. depi Pòtoprens, si ou fè klik sou ralonj ki adwat atik la.

XS
SM
MD
LG