Accessibility links

Breaking News

Selebrasyon Pou Pasasyon Pouvwa a Demare Dimanch Devan Mozole Abraham Lincoln nan, Nan Washington, DC


Kapital federal amerikèn nan, Washington, DC, inogire dimanch 18 janvye a 4 jou selebrasyon ki dwe debouche sou prestasyon sèman prezidan-eli Etazini an, Barack Obama. Koudjay la demare dimanch apre midi avèk yon konsè "en plein air" nan Mozole Lincoln nan, 16 zyèm prezidan repiblik amerikèn nan. Plizyè santèn milye moun brave gwo fredi pou asiste e patisipe nan festivite yo ki te reyini yon pakèt gwo vedèt, tankou lejand vivan mond mizikal la, Bruce Springsteen, Stevie Wonder ak Bono, plis dè dizèn pèsonalite Hollywood. Te genyen pwojeksyon video prestasyon sèman pase yo ak video kèk lòt gran moman enpòtan ki make istwa Lèzetazini.
Prezident-eli Barack Obama te nan mozole Lincoln nan, dèyè yon vit blende, avèk pwochèn premye dam amerikèn nan, Michelle Obama e ak 2 pitit fi yo: Malia ak Sasha. Se prezidan Abraham Lincoln ki, an 1862, te pwoklame abolisyon esklavaj nwa yo Ozetazini. Madi 20 janvye a, mesye Obama pral poze men li sou Bib Lincoln nan pou l' prete sèman kòm 44 èm prezidan Lèzetazini. Nan mesaj li delivre sou mach mozole a, devan estati jeyan defen prezidan Lincoln nan, msye Obama repete ankò defi Etazini genyen pou l' leve nan mwa ak ane kap vini yo: yon peyi kap fè fas ak 2 lagè e ak yon kriz ekonomik malouk.

Prezidan-eli a avèti tach la pap fasil...ap genyen erè, petèt men fo demaraj, men mesye Obama di konpatriyòt ameriken li yo: pa dezespere pou sa.
"Mwen kanpe la a jodi a, pi optimis ke jamè pou'm di ke Lèzetazini pral kanpe fèm, ke'l pral triyonfe... ke rèv fondatè nou yo pral rete byen vivan pou nou nan tan pa nou an. Sa k' ba'm optimism sa a, se sa mwen wè lè mwen voye je'm sou gran plas sa a. Se nou menm, ameriken tout ras, tout koulè ki sòti toupatou e ki rasanble isit la paske "nou kwè nan sa peyi sa a ka ye e paske nou vle ede'm akonpli misyon sa a.

Vis prezidan-eli Joe Biden te pran lapawòl tou. Li chante lwanj pou vèti travay e pou diyite travay pote. Madam li, Jill Biden, te prezan tou nan asistans lan ansam ak pwochen premye dam amerikèn nan Michelle Obama. Mesye Obama ap prete sèman ak kot popilarite pi wo yon prezidan eli janm anrejistre Ozetazini. Li espere atou sa a va ede'l redrese ekonomi peyi a, mete fen nan lagè Irak la yon fason responsab epi redui depandans Lèzetazini vizavi sous enèji etranje.

XS
SM
MD
LG