Accessibility links

Breaking News

Barack Obama Enspire Ayisyen Antre Pi Fon Nan Politik Ozetazini


Se yon weekend manch long, yon weekend 4 jou isit Washington, avek fèt Martin Luther King, Jr. a lendi epi prestasyon sèman Barack Obama madi 20 janvye a.

Pou Msye Obama, jounen dimanch la te tanmen nan Simityè Nasyonal Arlington nan kote li-menm ak vis-prezidan-eli Joe Biden te depoze yon jèb flè sou tonbo enkoni yo, ki dedye pou tout sila yo ki te sakrifye tèt yo pou kòz libète ak defans nasyon an men ki pa gen non yo site yon fason espesyal pami vanyan gason ak fanm, epi ofisyèl peyi a te onore.

Prezidan-eli a ak fanmi l, ansanm ak Vis-prezidan-eli a ak fanmi l, te patisipe dimanch apremidi nan yon gwo konsè nan pye Moniman Abraham Lincoln nan, isit Washington, nan kad lansman seremoni pasasyon pouvwa a. Grand vedèt mizik rock tankou Bruce Sprinsteen, alias Boss, ak Bon Jovi, te figire pami animatè pwogram dyak-sou-dyak sa-a, menm jan ak atis R & B Mary J. Blige, super-vedèt Stevie Wonder, Beyoncé, elatriye.

Aktè Tom Hanks, te la. Filantwòp Bonoak yon bann lòt selebrite ke Obama te pran tan pou li salye nan finisman konsè a. Yon tikras apre katrè apremidi, Barack Obama te pran lapawòl. Tèm diskou tou kout sa a se te: tout bagay posib Ozetazini.

Madi sa a, Barack Obama pral tounen ofisyèlman 44èm Prezidan Lèzetazini, premye afriken-ameriken ki rive nan wotè sa a non sèlman isit men nan lemond antye.

Eksperyans Obama a enspire anpil moun pou yo enplike plis nan vi kominote yo e menm antre nan vi politik la. Ayisyen-Ameriken yo se yon egzanp, sitou nan eta Florid, kote plizyè nan yo pral chache yon syèj nan Kongrè Etazini an, nan eleksyon 2010 yo.

Yves Mompremier gen detay nouvèl sa a. Koute l sou ralonj ki adwat la.

XS
SM
MD
LG