3 jou anvan li prete sèman madi 20 janvye a kòm karant-katriyèm prezidan Lèzetazini, prezidan-eli ameriken an, Barack Obama, sèvi ak mesaj Pati Demokrat la delivre chak samdi bay pèp ameriken an pou'l refechi sou sans pasasyon pouvwa a nan istwa Lezetazini. Msye Obama deklare nan mesaj-video li anrejistre pou rezo entènèt la “prestasyon sèman fè pati yon pratik etabli ki ankre byen fon nan grandè peyi Etazini, asavwa:pasasyon pasifik pouvwa a ant yon prezidan ak yon lòt.
Prezidan-eli an ajoute anpil moun Ozetazini gen tandans pran aspè sa a, ki nan nannan demokrasi, pou yon bagay nòmal. Men mesye Obama di li bon pou nou sonje atravè le mond gen de milya moun ki pa ka imajine dirijan yo kap remèt pouvwa a pasifikman, san san pa koule ou san zam pa rale. Mesye Obama di nou pral bezwen valè fondamantal sa yo ak espri pasasyon pouvwa a pou kore peyi a nan moman lap fè fas ak lagè e ak pwoblèm ekonomik yo.
Koute mesaj prezidan-li a ann'anglè sou ralonj ki adwat atik sa a nan kolòn adwat la.