Prezidan kostariken an, Oscar Arias dekrete 5 jou dèy ak yon eta durjans akòz tranblemand’ tè semèn pase a ki pran lavi 19 moun pou pi piti. Yon tranblemand’ tè ki te gen yon magnitid 6.1 frape Kosta-Rica jedi dènye kote li pwovoke glisman teren e bloke wout ki mennen nan otèl ak rejyon ki nan nò kapital-la, San José. 23 moun pa reponn alapèl. Omwen 250 fanmi pa gen kote pou yo rete apre sekous sismik sa a ki te santre sou yon distans 35 kilomèt nan rejyon nòdwès San José.
Pandansetan nan Kolonbi, prezidan Alvaro Uribe pwopoze pou Vatikan bay asistans pou sekurize liberasyon 6 otaj gwoup rebèl Fòs Zame Revolusyonè Kolonbi a pwomèt pou li lage yo. Prezidan Uribe deklare yè lendi a nan Bogota, "si Legliz Katolik Womèn vle ede asire liberasyon otaj sa yo, gouvènman kolonbyen an ap bay otorizasyon e lap bat bravo pou tip asistans sa a. Mesye Uribe fè deklarasyon sa a nan moman lap prepare l' pou yon vwayaj Ozetazini. Vatikan poko reaji sou demand sa a.
Nan peyi Kiba, pwopriyetè oto yo resevwa otorizasyon pou yo aplike pou lisans taksi e yap kapab fikse yo menm pri kous-yo pou la premyè fwa depi 1999. Chanjman sa a enskri nan kad demanch gouvènman kuben an pou l' amelyore sistèm transpò piblik kiben an ki nan yon eta deplorab. Otobis, kèk ansyen tren ak taksi ki koute chè ap asire transpò pasaje pou sèlman yon minorite nan populasyon kubèn nan. Gen anpil veyikil an sikilasyon tankou “ voitures de collection americaines “ ki la depi avan revolisyon ki te mennen ansyen prezidan Fidel Castro sou pouvwa a nan Kiba, an 1959.