Accessibility links

Breaking News

Prezidan René Préval Entwodui 2 Komisyon Sou Nouvo Teknoloji ak Konpetitivite


Msye Préval entwodui komisyon yo vandredi apre midi devan plizyè santèn pèsonalite lokal et entènasyonal ki te reyini nan salon jòn Palè Nasyonal la nan Pòtoprens. Misyon komisyon yo se vini ak bon jan pwopozisyon pratik pou chanje jan Leta ayisyen fonksyonen dekwa pou nasyon karibeyen an ka pran chimen yon devlopman djanm. 2 komisyon yo (youn sou konpetitivite e youn sou nouvo teknoloji) gen 12 mwa pou yo prezante rapò ak pwopozisyon yo bay gouvènman an ak chèf Leta a--pwopozisyon ki va di yo sa Ayiti dwe fè à court, moyen et long terme pou l' pi konpetitif ekonomikman e ki mezi li dwe adopte pou l' ratrape reta li nan domèn nouvo teknoloji yo. 2 Gwoup yo/ ki genyen separeman 20 ak 10 pèsonalite ak ekspè ayisyen / dwe elabore yon plan aksyon 25 kan minimòm pou ankouraje devlopman ak dyalòg nan mitan sosyete ayisyen an, dapre deklarasyon prezidan Préval.

NB:Klike sou ralonj ki anwo, adwat atik sa a pou lòt presizyon sou komisyon yo e koute lòt nouvèl enpòtan aktyalite ayisyèn nan.

XS
SM
MD
LG