KONKAKAF / Foutbòl 2009
Plizyè evenman spòtif ap make premye mwatye ane 2009 la pou zòn KONKAKAF la. Ekzagonal final eliminatwa koup du mond pou zòn KONKAKAF la ap demare 11 Fevriye ak patisipasyon Kosta Rika, El Salvador, Honduras, Meksik, Etazuni ak Trinidad and Tobago.
10 rankont yo ap fini 14 Oktòb lè 3 peyi ap kalifye pou reprezante rejyon an nan koup du mond Afrik du Sud 2010 la. Peyi ki klase 4 trièm nan pral jwe yon match de baraj ale/retou fas a peyi ki klase 5 kièm nan zòn Amerik du Sud la an Novanm 2009 la.
Peyi nan Amerik Santral la pral patisipe nan yon tounwa nan Honduras pou detèmine reprezantan yo nan koup dò KONKAKAF la ki gen pou dewoule O Kanada. Konpetisyon an ap kòmanse 22 Janvye pou l fini 1 Fevriye. Patisipan yo se Honduras, El Salvador, Beliz, Nikaragwa, Kosta Rika, Gwatemala ak Panama
5 premye yo peyi kap patisipe nan Koup dè Nasyon Digicel la pral jwen Etazuni, Meksik, Kanada, Kuba, Jamayik, Grenad, Gwadeloup pou patisipe nan 10 zièm edisyon koup dò KONKAKAF la.
8 klub ki kalifye pou kar de final premyè edisyon Lig chanpyon KONKAKAF la ap antre nan batay ak venkè a ap reprezante Konfederasyon nan koup du mond FIFA ki fikse pou fen ane a.
Trinidad and Tobago ap akeyi tounwa final U-20 an ak patisipason 7 lòt peyi soti 6 pou fini 15 Mas. 4 premye yo ap kalifye pou faz final koup du mond Juniò ki gen pou dewoule an Ejipt an 2009.
Sen Vensan ak Grenadin ap òganize 3 zièm faz tounwa Karayib ak patisipasyon Ayiti, Republik Dominikèn ak Jamayik. Konpetisyon an ap demare Vandredi 9 Janvye a ak rankont Ayiti kont Jamayik epi Sen Vensan e Grenadin kont Republik Dominikè n.
Venkè kwadrangulè ap kalifye pou faz final la ki pral dewoule nan Trinidad and Tobago. Peyi ki klase 2 zièm nan pral jwe yon match de baraj kont Honduras pou determine dènye kalifye a.
Antrenè Jamayik la Donovan Duckie kwè seleksyon Ayiti a reprezante yon andikap pou yo nan konpetisyon an. Antrenè seleksyon Ayiti a Charly Eliazard kwè Republik Dominikè n se pi gwo andikap yo genyen nan kwadrangulè a.
Pandan mwa Avril la Meksik ap akeyi tounwa U-17 la pou zòn KONKAKAF la ak patisipasyon 8 peyi. 4 premye yo ap kalifye pou faz final koup du mond U-17 la kap dewoule nan Nijerya an 2009.
Faz final football de plaj la gen pou dewoule soti 29 Avril pou fini 3 Me nan yon peyi enkonu. Chanpyona du mond football de plaj la gen pou dewoule ane sa a nan Dubai Emirat Arab Uni yo.
59 vièm edisyon Kongrè FIFA a ap dewoule nan nan Paradise Island nan Bahamas soti 31 Me pou rive 3 Jwen. Sa fè 5 kièm fwa kongrè FIFA a ap dewoule nan rejyon an. Delege 208 peyi manb FIFA yo ap prezan ansanm ak yon seri de lòt envite espesyal mond football la.
Paralèlman Konfederasyon an ap òganize 26 zièm kongrè òdinè l pou rejyon an.
Foutbòl/ Eròp
Vedèt football Manchester United Pòtugè Cristiano Ronaldo fè yon aksidan manchin nan moman li ta prale nan antrenman. Vedèt la pa blese.
La polis te fè yon tès pou wè si vedèt la pat konsome alkòl. Otorite yo ap ankete koz aksidan an ki rive nan yon tunèl tou pre ayeropò Manchester la. Yè Mèkredi a Manchester pèdu 1 a 0 nan semi final ale koup Lig la fas a Derby County.
Real Madrid anonse li prè pou l ale an apèl devan tribunal spòtif la nan Lauzan an Swis si responsab yo nan Unyon Football Eropeyen an pa aksepte yo enskri Klaas Jan Huntelaar ak Lassana Diara kòm manb klub la pou rès sezon an.
Dapre règleman Unyon football la klub yo gen dwa enskri juska 3 nouvo jwè pandan periòd tanpon ant Janvye juska 1 Fevriye a. Yon sèl pami 3 jwè kapab ap evolye nan yon klub Eropeyen.
Franse Diara ap evolye nan Portsmouth an Angletè epi atakan Olandè Huntelaar ap evolye nan Ajax Amsterdam. Sa vle di Real Madrid kapab enskri yon sèl jwè olye de 2.
Olempik / US Antrepriz
Konpayi ameriken Home Depot anonse li pap kontinye pwogram travay ak benefis li te konn ofri atlèt olenpik ameriken yo akoz li pap patwone komite olenpik ameriken an ankò.-yon antant ki te koute ant 15 a 20 milyon dola pandan 4 dènye ane yo. Aktyèlman gen 86 atlèt ameriken kap travay nan pwogram nan kap pran fen an 2 Mas 2009. Dapre antant la atlèt ameriken yo te konn travay a tan pasyèl nan orè ki fleksib pandan yo resevwa menm benefis ak anplwaye regulye yo. An retou atlèt dakò pou patisipe nan fè pwomosyon nan televizyon pou konpayi a.
Tenis / Open Ostrali
Jwè tenis ameriken John Isner ak Christina McHale figure pami 6 jwè tenis responsab tenis Open Ostralyen yo envite pou patisipe nan premye tounwa tenis Gran Shelem pou ane a. Jwè sa yo resevwa envitasyon espasyal la dapre yon akò ki genyen ant federasyon ameriken, franse, ak Azi ak komite òganizatè a. An plis de 2 ameriken yo –franse Kristina Mladenovic ak Adrian Mannarino, Uzbèk Denis Istomin ak chinwa Yuan Meng resevwa envitasyon espesyal tou.