Accessibility links

Breaking News

Envazyon Israelyèn Nan Gaza: Sòlda Tsahal yo Antre Samdi Sou Tèritwa Palestinyen an


Apre yon semèn bonbadman aeryen kont militan ak dirijan Hamas yo nan Gaza, twoup israelyen yo antre nan tèritwa palestinyen an ke gwoup militan an kontwole. Envazyon sa a, se yon endikasyon ki montre entasyon Israel pou l' etann ofansiv li a kont Hamas.

Temwen fè konnen tank israelyen, twoup atè--avèk apui elikoptè--antre samdi, alabrin di swa, nan vil Beit Lahiya, yon vil Gaza. Medya yo rapòte gwo batay ap dewoule nan rejyon an. Otorite militè israelyen yo di Israel pral pwolonje operasyon an ki vize, dapre deklarasyon yo, detwi enfrastrikti militè Hamas nan tèritwa a. Plizyè milye sòlda israelyen ak tank te gonfle depi plizyè jou sou fwontyè Gaza a, an preparasyon ak envazyon atè sa a ki fèt samdi 3 janvye 2009 la. Israel rele tou sou lè zam plizyè milye militè rezèv.

Avyon israelyen yo, vedèt rapid ki gen abò yo fizi auto-mitrailleuses atake samdi plizyè sib Hamas nan tèritwa palestinyen an. Yon lòt gwo kòmandan Hamas, Abu-Zakariya al-Jamal, pèdi lavi li nan ofansiv Eta juif la. Msye se 3 zyèm nan chèn kòmandman gwoup militan an ki mouri depi operasyon militè israelyen an kont Hamas la, operasyon ki antre samdi nan dezyèm semèn li.

Nan Washington, DC, prezidan Bush, ki pale pou la premyè fwa samdi sou kriz Gaza a, deklare:tout sesel'feu nan kriz la dwe yon sese’lfeu toutbon ke moun ap respekte”. Mesye Bush di "yon lòt sese’lfeu pa akseptab si se yon sesel’feu kap debouche sou atak ak wokèt sou Israel. Epi pwomès sèlman bò kote Hamas pap ase. Dwe genyen anplas mekanism pou siveye e asire ke zam pap antre anba-chal al jwenn gwoup teworis yo. Bagay sa a dwe sispann !

Deklarasyon prezidan Bush nan mesaj-radyo li voye chak samdi bay pèp ameriken an. Prezidan George Bush ajoute: se Hamas ki deklanche spiral vyolans lan--yon pozisyon La Mezon Blanch te deja eksprime nan semèn nan.

XS
SM
MD
LG