Accessibility links

Breaking News

Prezidan René Préval Predi Yon Ane Difisil Pou Ayiti


Prezidan René Préval komemore sou yon nòt pesimis 205 èm anivèsè pwoklamasyon endepandans peyi li, Ayiti, mèkredi premye janvye 2009 la nan vil Gonaïves. Lidè ayisyen an te ale nan vil ayisyen rele Site Endepandans lan, kote li pwononse diskou tradisyonèl joud'lan an--yon diskou pesimis, kote li avèti ane 2009 la pral yon ane difisil pou Ayiti akòz kriz finansye mondyal la ki gen enpak sou tout peyi, patikilyèman sou peyi pòv yo. Men mesye Préval anonse kèk mezi pou redui konsekans kriz ekonomik e finansye a sou franj pi frajil popilasyon an, sètadi moun defavorize, chomè ak peyizan yo.

Lidè ayisyen an lanse apèl tou anfavè lapè ak linyon nan mitan konpatriyòt li yo, sitou sila kap reklame "pou twoup etranje yo (an palan sòlda Misyon Nasyonzini pou stabilizasyon Ayiti a, Minustah) kite tè Dessalines, Christophe ak Pétion an"--3 jeneral ki te fonde Eta ayisyen an.

NB: Gen yon repòtaj Alfred Jean, korespondan Sèvis Kreyòl la nan Gonaïves, sou ralonj ki adwat paj-wèb sa a. Fè yon klik sou li si ou ta renmen koute korespondans sa a.

XS
SM
MD
LG