Accessibility links

Breaking News

Konsèy Elektoral Ayiti a Anonse Li Pral Enskri Kandida Pou Senatoryal Avril 2009 la


Nan peyi d Ayiti, Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) ap pike devan ak pwojè eleksyon pasyèl pou Sena Repiblik la nan mwa Avril 2009, malgre opozisyon divès sektè ki panse peyi a pa pare pou li fè 2 eleksyon, youn ann Avril e lòt la nan fen ane a (jan Konstitisyon an mande l la), sitou apre kat siklòn ki devaste plizyè rejyon.

Nan yon ti koze maten an ak Seksyon Kreyòl LavwadLamerik, Prezidan KEP a, Frantz Gérard Verret, di enskripsyon pral fèt pou kandida yo e deja gen 30 gwoup politik ki bay non yo pou yo patisipe nan eleksyon an. Sepandan, jiska kote atik sa a t'ap ekri, Prezidan René Préval pot ko konfime ofisyèlman dat 19 avril la, pou pèp la al' akonpli devwa sivik li.

Pou w koute interview Prezidan KEP a ak Jn-Pierre Leroy fè klik sou ralonj ki anlè atik la

XS
SM
MD
LG