Plizyè ayisyen-ameriken ta pèdi plis pase 23 milyon dola nan yon systèm envestisman “pyramide” menm jan ak pa finansye Bernie Madoff la. Komisyon Sekirite ak Echanj Etazini an (S.E.C) anonse jodi a li rele Georges Théodule ak “antrepriz li yo”: Creative Capital Consortium LLC and A Creative Capital Concept devan lajistis apre li dekouvri magouy la. Yon juj nan sid Eta Floride deja poze sele sou tout byen sispèk la. S.E.C fè konnen Théodule, kap dirije yon systèm envestisman pyramidal, te pwomèt antreprenè yo lap double lajan yo nan 90 jou (100 pou 100 garanti) si yo envesti sou mache labous la ak nan lòt tranzaksyon finansye.
Dapre Komisyon Sekirite ak Echanj lan, Théodule pa janm fè okenn pwofi. Msye te senpleman pran ilegalman lajan nouvo envestisè yo pou peye ansyen yo enterè sou sòm yo te envesti a. Responsab ameriken yo fè konnen Théodule ap fè magouÿ sa a depi mwad novanm 2007. Li te fè viktim li yo konprann ke yon pati nan pwofi yo ale nan zèv byenfezans nan kominote ayisyèn Ozetazini, ann’ Ayiti ak nan Sierra Leone.
S.E.C di ane pase Théodule pèdi omwen 18 milyon dola nan tranzaksyon finansye sou mache labouss la, e Creative Capital te apèn rive repeye premye envestisè yo lajan li pran nan men nouvo kliyan li yo nan yon systèm pyramid . S.E.C di tou Théodule ta swadizan pran fon envestisè yo mete sou lajan pa li e, nan kout kat la, li rive fè dap-piyan sou 3 milyon 800 mil dola pou li ak fanmi li.
NB: Pou plis nouvèl sou Ayiti, ale agoch paj-wèb sa a epi anba Pwogram Nou-yo klike sou pwogram nou ta renmen koute a