Direktè Jeneral PNH (Police Nationale d'Haïti) anonse ke leta adopte divès mezi pou kontrekare aksyon dilè dwòg yo pandan sezon fèt la.
Mario Andrésol, ki t'ap bay yon bilan sou ane 2008 la, deklare Polis la te fè anpil efò pou bay popilasyon an plis sekirite.
Msye Andrésol ajoute ke papral gen okenn neglijans nan aji kont polisye ki ta mele nan aktivite kriminèl tankou kidnapping ak trafik dwòg.
Si ou vle tande nouvèl sa a an detay, fè klik sou ralonj ki anlè atik la.