Accessibility links

Breaking News

2èm. Jounen Atak Izrayèl sou Tètitwa Gaza. Bilan Pwovizwa: Plis Pase 280 Mò


Avyon de gè izrayelyen lanse omwen 30 misil sou Tèritwa Gaza kote yo detwi divès batiman kote fòs sekirite gwoup militan Hamas te genyen buwo li. Atak la, ki dewoule samdi 27 desanm 2008 la, te brèf men li fè anpil dega. Israyèl di li lanse aksyon sa a kòm yon repons kif-kif pou yon seri atak ak wokèt e ak mòtye militan palestinyen yo pa sispann lanse sou pati sid eta jwif la nan non gwoup Hamas la.

Moun te ka wè gwo lafimen ki t'ap monte plizyè sektè sou tèritwa a, kote moun te pran kouri ak panik nan tout lari. Imaj ki pase sou televizyon montre plis pase yon douzèn kadav nèg ak unifòm militè sou yo e ki epapiye nan youn nan enslatasyon Hamas yo.

Youn nan anplasman avyon militè izreleyen yo te vize, se yon «building » kote yon seri rankont t'ap dewoule pou rekrite manm fòs polis ak fòszame Pouvwa Palestinyen an. Chèf polis vil Gaza a twouve l pami moun ki mouri yo.

Minis afè etranjè izrayelyen an, Madam Tzipi Livni, defann aksyon gouvènman ni an e li lanse apèl pou l' mande apui ak konpreyansyon kominote entènasyonal la. Madam Livni di e n'ap site: "Kominote entènasyonal la byen konprann Hamas se yon òganizasyon islamis ekstremis kap simaye la hèn, kap simaye rayisab atravè tout rejyon an kont Izrayèl, e se yon mouvman Iran apiye. Alòs, kominote entènasyonal la fèt pou l' konprann aksyon Izrayèl poze la a, se tradiksyon dwa li genyen pou l' defann tèt li; li pa genyen okenn lòt chwa e n'ap fè tout sa nou dwe fè pou n' defann sitwayen nou yo".

Hamas sèmante l'ap pran revanj li. Daprè dirijan gwoup la, Izrayèl gen pou l' peye sa chè anpil; e pou sa, eta jwif la pral wè yon gwo ogmantasyon nan atak ak wokèt Hamas pral lanse sou li ak nan kantite atak-suisid ki pral dewoule ann Izrayèl. Izrayèl reponn pou l' di, si Hamas chwazi pou l' fè sitiyasyon an vinn pi mal, lame li pral ogmante atak yo e li ka menm vize dirijan Hamas yo.

Pou w' konnen kijan sitiyasyon an evolye pandan jounen dimanch 28 desanm nan 2008 la, klike sou lyen anlè atik sa a

XS
SM
MD
LG