Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush Ekzòte Ameriken Reflechi Sou Bagay Ki Vrèman Enpòtan Nan Lavi yo: Tankou Libète ak Lapè


Prezidan ameriken an, George W. Bush, deklare sezon fèt la se yon moman pou tout moun reflechi sou bagay ki reyèlman enpòtan nan vi yo, tankou lapè ak libète. Nan yon mesaj li voye alokazyon fèt Nwèl la, msye Bush ekzòte ameriken yo “sonje sakrifis manm Lame a ki pran angajman pou yo defann Demokrasi". Chèf Mezon Blanch lan siyale anpil nan gason ak fanm ki anba unifòm Lame amerikèn nan ap pase Nwèl sa a aletranje oubyen kouche lopital ap resevwa swen nan sant medikal atravè peyi a pou blesu yo resevwa nan lagè a.

Nan koumansman jounen mèkredi 23 desanm nan, mesye Bush te telefone kèk manm fòs zame a ki baze aletranje pou swete yo Jwaye Nwèl e remèsye yo pou sèvis ya p' rann peyi a.

Nwèl 2008 la, se dènye Nwèl msye Bush ap pase nan palè ameriken kòm prezidan Etazini. Li menm ak fanmi li ap selebre fèt la nan rezidans prezidan ameriken yo nan Camp David nan Eta Maryland.

Bò pa li, prezidan-eli, Barack Obama, mande ameriken yo pou yo renouvle santiman “ideyal komen-yo” alokazyon sezon fèt la. Mesye Obama deklare “chak moun dwe jwe patisyon pa yo pou youn ede lòt, chèche nouvo lide e koumanse ekri yon nouvo chapit pou peyi yo”. Mesye Obama di “tan yo di pou anpil ameriken kap redi nan “marasm ekonomik sa a”... e tout moun dwe fè tèt-ansanm pou ede Lèzetazuni sòti nan kriz la.

Prezidan-eli a lanse apèl sa a nan mesaj li voye chak semèn pou sitwayen ameriken yo e ke’l fè pibliye mèkredi 24 desanm nan. Mesye Obama mande ameriken yo tou pou yo kontinye apiye twoup militè Lèzetazini kap goumen nan peyi lòt bò dlo. Li kalifye sèvis ya p' rann peyi kòm "sèvis ekstraòdinè e dezenterese" e ki se yon enspirasyon pou nou tou".

NB: Pou Aktyalite a nan peyi Dayiti, tcheke sit wèb Sèvis Kreyòl la epi ale agoch paj-wèb la, e anba seksyon AUDIO a, fè yon klik sou pwogram nou ta renmen koute a.

XS
SM
MD
LG