Accessibility links

Breaking News

FIFA Ekate 2 Kontinan pou Koup du Mond 2018 ak 2022 a


Foutbòl / FIFA

FIFA aprouve plan pou la Grand Bretay prezante yon seleksyon unifye ak 4 federasyon Britanik yo pandan dewoulman je zolenpik yo an 2012. Responsab yo fè konnen sa pap afekte statu federasyon football Angletè, Ekòs, peyi dè Gal ak Irland du Nò. Nan tan ki pase prezidan FIFA a Sepp Blatter te sugjere la Grand Bretay kapab gen seleksyon football kap gen jwè Angle sèlman. Ekòs, Peyi dè Gal ak Irland du Nò te gen kè sote pou patisipe nan yon seleksyon unifye pa anpeche yo patisipe nan lòt konpetisyon entènasyonal. FIFA di pa gen sa pyès.

Foutbòl/ Koup du Mond

Komite Ekzekutif FIFA a fè konnen yo adopte yon seri de mezu pou yon peyi kapab poze kandidatu l pou l akeyi koup du mond 2018 la ou byen koup du mond 2022 a ou byen tou 2 konpetisyon yo. Pou koup du mond 2018 la peyi nan 4 konfederasyon kapab poze kandidatu yo eksepte peyi Afriken ak Amerik du Sud yo akoz kontinan sa yo déjà ap akeyi koup du mond 2010 ak 2014 yo.

Peyi enterese yo kapab resevwa fòmulè aplikasyon an Janvye 2009. Komite Ekzekutif la ap anonse peyi kap akeyi 2 koup du mond yo an Desanm 2010.

Japon/ Koup du Mond

Federasyon Football Japonè a ta renmen peyi a kandida pou òganize koup du mond 2018 ak 2022 a. Responsab federasyon an di kandidatu vil Tokyo pou akeyi je zolenpik 2016 yo pap afekte kandidatu peyi-a pou li akeyi koup du mond la. Lòt peyi ki déjà manifeste entansyon yo se Ostrali, la Chin, Katar, Angletè ak Etazuni.

FIFA leve pwovizwaman sanksyon li te adopte kont Koweit jus pou pwochen Kongrè FIFA an 2009 a kondisyon Koweit revize règleman nasyonal la pou konfòme l ak statu FIFA”

Komite Ekzektuf la dakò pou leve sanksyon kap peze kont Perou ansanm ak Samoa. Pwochen seyans Komite a ap dewoule 19 e 20 Mas nan vil Zurik an Swis.

Foutbòl/ Koup du Mond Club

Fanatik Manchester United ap selebre viktwa 1 a 0 klub la sot ranpòte sou klub Ekwatoryen Liga de Kito nan final koup du mond Klub ki tap dewoule nan Yokohama O Japon. Wayne Wooney, ki make 3 gòl, seleksone kòm meyè jwè konpetisyon an, e meyè butè. Klub Japonè Gamba Osaka kale klub Meksiken Pachuka 1 a 0 pou l konsole l ak 3 zièm plas la.

Foutbòl/ Ameriken

Nan foutbòl ameriken (sa nou rele foubòl zèpòl-kare a) Chikago Bears te fè anpil efò yè swa avan li rive kale Green Bay Packers 20 a 17. Viktwa sa-a pèmèt Bears-yo konsève espwa pou yo kalifye pou faz final la. Sezon regulye chanpyona football ameriken-an ap fini Dimanch apre yon total 16 rankont.

Responsab football zèpòl kare ameriken yo lanse apèl bay yon juj ki bloke suspansyon 5 jwè ki ta vyole politik anti dopaj lig la. Avoka Lig la mande juj la pou l rekonsidere desizyon an. 5 jwè yo-- 2 ap jwe nan Minnesota ak 3 lòt kap jwe nan New Orleans Saints-- te resevwa yon suspansyon 4 match yo chak, apre yo te teste pozitif pou anabolizan.

Baskètbòl

Nan NBA-a yè swa: Yao Ming make 24 pwen epi trape balon an 16 fwa pou ede Houston Rockets pilon-nen New Jersey Nets 114 a 91 nan yon match ki retransmèt an dirèk an chin. Los Anjeles Lakers te fè anpil efò avan li kale Memphis Grizzlies 105 a 96 gras a 36 pwen Kobe Bryant make. Chris Bosh make 31 pwen pou ede Toronto Raptors tronse Los Anjeles Clippers 97 a 75. Orlando Majik, San Antonio Spurs ak Denver Nuggets yo tout ranpòte la viktwa.

Yon magazine chinwa ap mennen ankèt sou basketè chinwa Yi Jianlian, kap jwe nan New Jersey Nets, pou sa ki sanble manti li ta bay sou laj li. Medya chinwa a gen lontan depi lap denonse laj Yi. Dapre magazine nan, Yi ta declare li fèt an 1987 olye de 1984. Yi rejte akuzasyon an.

XS
SM
MD
LG