Accessibility links

Breaking News

Katèl dwòg fè viktim ankò nan mitan lame meksikèn nan


Prezidan meksiken an, Felipe Calderon, fè konnen le fèt ke moun yo suspèk kòm trafikan dwòg koupe tèt 8 sòlda, sa montre dispozisyon sereboulon gouvènman li a pran kont katèl dwòg yo ap mete bon jan presyon sou òganizasyon sa yo. Pandan mesye Calderon t ap pale yè lendi a nan vil Meksiko, li di gouvènmman li a pap bat ba nan lit kont katèl yo, paske li pran angajman pou l mennen konba a san pran souf kont enmi peyi a. Sa pa gen lontan, Lapolis te dekouvri 12 kadav san tèt nan Guerrero, yon eta nan sid peyi a. Omwen 8 ladan yo sete sòlda. A kote kadav yo, moun te ka li yon pankat ki di: “Pou chak moun pa m ou touye, m ap touye 10 pa w”.

Pandansetan Prezidan fransè a Nicolas Sarkozy di, Brezil ta dwe gen yon gwo wòl pou l jwe nan politik entènasyonal la, pa egzanp, li ta ka okipe yon syèj pèmanan nan Konsèy Sekirite Nasyonzini an. Mesye Sarkozy pale konsa yè lendi a nan kòmansman yon vizit 2 jou nan Rio Janeiro kote li t ap asiste yon somè ant peyi-manm Inyon Ewòp la ak Brezil. Pandan vizit sa a, prezidan fransè a ak tokay brezilyen li a, Luiz Inacio da Silva alyas Lula, kapab siyen kèk akò sou kowoperasyon nan domèn militè a ak anviwonman. Kesyon lavant zam nan genyen ladann transfè teknoloji kap sòti nan la Frans pou ede Brezil bati 4 soumaren konvansyonèl. Akò sa a kapab prepare Brezil pou l konstwi premye soumaren pa li ki fonksyone ak elektrisite nikleyè. La Frans ap vann otorite Brazilia yo tou 50 elikoptè Cougar k ap konstwi nan peyi a menm.


Anfen nan peyi Bolivi, yon minis gouvènman an fè konnen responsab sèvis ransèyman yo dekouvri yon konplo pou asasine prezidan Evo Morales. Minis Alfredo Rada pa bay non sispèk ki ta mele nan konplo sa a. Sepandan li presize, konplotè yo t ap pare yo pou yo bay kèk pòv plantè kòb pou yo asasine lidè bolivyen an pandan yon vizit nan yon rejyon riral peyi a. Dimanch pase a, Prezidan Venezuelyen an, Hugo Chavez, te di mesye Morales te fè l konnen dènyèman la a nan telefòn, gen yon konplo asasinay ki t ap monte kont li.

XS
SM
MD
LG