Foutbòl / FIFA
Manchester United danse sou klub Japonè Gamba Osaka 5 a 3 pou l rankontre an final klub Ekwatoryen Liga de Quito Dimanch kap vini la a. Premye mitan match la te fini 2 a 0 an favè Manchester United. Japonè yo te fè anpil efò men li datak klub angle a te pwofite tout opòtunite yo jwenn. Gamba Osaka ap rankontre Klub Meksiken Pachuka pou 3 zièm plas la.
Koup du mond klub yo dewoule ak chanpyon 6 konfederasyon FIFA chak ane O Japon.
FIFA pran sanksyon kont 2 footballè pou dopaj. Sanksyon an tonbe sou gadyen Liberyen Melvin King ak jwè football an sal Italyen Eduardo Carlos Morgado Oliveira-jwè sa yo pa kapab patisipe nan okenn aktivite nasyonal e entènasyonal. Oliviera resevwa yon suspansyon 2 zan ki kòmanse depi 6 Novanm epi King resevwa yon suspansyon 5 mwa a pati de 2 Oktòb.
Foutbòl/ Eròp
Deportivo la Coròy ak FC Compenhagen figure pami klub ki kalifye pou pwochen Tour koup Unyon Football Eropeyen an. Deportivo kale Nancy 1 a 0. Copenhag kalifye tou apre li kale klub Bèlj FC Bruges. Ajax Amsterdam fè match nul 2 a 2 ak Slavia de Prag.
Footbalè Angle, David Beckham, kap jwe nan Los Anjeles Galaksi, gen pou l rive Samdi kap vini la a nan Milan AC kote li pral jwe juskan Mas avan debu Lig football ameriken an.
Foutbòl/ US
Yè swa an Detroit, Michigan seleksyon feminen La Chin nan pèdu 1 a 0 devan Etazuni nan kad 2 zièm e dènye rankont 2 seleksyon yo jwe antre yo. Ameriken yo fini ane a kòm numewo 1 mondyal ak yon palmarès 34 viktwa 1 defèt 1 nul. Etazuni ranpòte tout 5 tounwa football li patisipe pou ane a pami yo je zolenpik Peken 2008 la.
Ansyen antrenè Kolonbus Crew Sigi Schmid ki sot ede ekip la ranpòte tit MLS la, siyen yon kontra ak nouvo klub football ameriken Seattle Sounders.
Tennis
Federasyon Tenis Entènasyonal la rann omaj a espayòl Rafael Nadal ak Elena Jankovic kòm chanpyon tenis pou ane 2008 la. Nadal fini ane a kòm numewo 1 mondyal apre li kapote swis Roger Federer nan pozisyon an. Jankovic fini ane a kòm numewo 1 mondyal malgre li pa ranpòte yon tounwa tenis Gran Shelem.
Federasyon Tenis ameriken an seleksyone vil Bermingham Alabama pou akeyi premye tou koup Davis la fas a la Swis 6 a 8 Mas 2009.
Ameriken Lindsay Davenport ap rate tounwa tenis Open Ostrali a, premye tounwa Gran Shelem pou ane a akoz li ansent pou yon 2 zièm fwa. Tounwa a ap ap demare 19 Janvye.
Ansyen chanpyon tounwa tenis Roland Garos la Espayòl Albert Costa nonmen kòm nouvo kapitèn seleksyon koup Davis Espay la. Costa ranplase Emilio Sanchez Vicario kip ran retrèt li. Espay ki se chanpyon an tit la gen pou akeyi Sèbi nan premye tou group mondyal la an Mas pwochen.
Baskètbòl
Boston Celtics pase yon move moman avan li kale Atlanta Hawks 88 a 85. Viktwa ki amelyore pèfòmans Celtics yo ak 16 viktwa afile. New Orleans Hornets ranpòte yon viktwa tou mens devan San Antonio Spurs 90 a 83. Washington Wizards tonbe devan Detroit Pistons 88 a 74. Utah Jazz, Cleveland, Dallas, Philadelphia, Chikago ak Endiana yo tout ranpòte la viktwa.