Accessibility links

Breaking News

FIFA Salye Efò Espay


Foutbòl / FIFA

Espay fini ane a kòm numewo 1 dapre klasman FIFA publiye jodi a. Espay jwen nominasyon kòm meyè seleksyon FIFA pou ane a apre yo ranpòte tout 16 rankont yo jwe pandan ane 2008 la. Almay, ki te pèdu nan final koup d’Eròp la devan Espay, klase 2 zièm answit nou jwen la Oland, Itali, Brezil, Arjantin, Kwasi, Angletè, la Rusi ak Turki pami 10 meyè seleksyon mondyal. Nan KONKAKAF la Etazuni klase 22 zièm devan Meksik ki klase 26 zièm. Nan Karayib la Jamayik klase 65 kièm devan Trinidad and Tobago ki klase 77 tièm. Kuba klase 79 vièm. Ayiti klase 102 zièm mondyal.

Foutbòl/ Koup du Mond Klub yo

Klub Ekwatoryen Liga de Kito kalifye pou final koup du mond Klub yo kap dewoule O Japon gras ak yon viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan klub Meksiken Pachuka. Klub Ekwatoryen an ap rankontre an final Dimanch kont venkè rankont ant klub Angle Manchester United ak klub Japonè Gamba de Osaka ki fikse pou demen Jedi a.

Foutbòl / Etazini

Yon nouvo lig football pwofesyonèl feminen ameriken ap demare 5 Avril kap vini la a ak patisipasyon 7 ekip. Match douvètu a ap debute 29 Mas ant Los Anjeles Sol ak Washington Freedom nan Carson an Kalifòni. 5 Avril ap gen 3 lòt rankont. Lig la espere konplete yon kontra ak Asosyasyon jwè football pwofesyonèl yo avan yo kòmanse siyen kontra ak jwè entènasyonal yo.

Foutbòl/KONKAKAF/ Etazini

Federasyon Football ameriken an seleksyone stad Colombus Crew nan eta Ohio pou rankont Etazuni gen pou jwe kont Meksik nan ekzagonal final eliminatwa koup du mond Afrik du Sud 2010 la 11 Fevriye 2009.

Pami rezon chwa stad Colombus Crew a se akoz li fè frèt anpil pandan mwa Fevriye-Meksiken yo pa renmen jwe nan fredu. Lòt peyi ki kalifye pou ekzagonal final la se Honduras, Costa Rika, El Salvador ak Trinidad and Tobago. Chak peyi ap jwe 5 rankont ale/retou. 3 premye yo ap kalifye pou faz final koup du mond Afrik du Sud la an 2010 epi 4 trièm nan pral jwe yon match de baraj ak peyi ki klase 5 kièm nan Amerik du Sud la.

Baskètbòl

Houston Rockets wouze Denver Nuggets ak yon viktwa 108 a 96 gras ak Tracy McGrady ak Yao Ming. McGrady make 20 pwen, trape balon an 14 fwa epi fè 10 pas ki make pwen. Yao Ming make 32 pwen nan viktwa a. Nan lòt rankont Los Anjeles Lakers remonte yon defisi 15 pwen pou l kale New York Knicks 116 a 114. Los Anjeles Clippers kale Oklahoma City Thunder 98 a 88. New Orleans, Charlotte ak Portland konplete lis venkè yè sway o.

Baskètbòl / Iverson

Asosyasyon Nasyonal Basketball Ameriken an frape Allan Iverson kap jwe nan Detroit Pistons yon amand 25 mil dola apre kòmantè dwat e gòch li te fè bay yon fanatik nan okazyon yon match Pistons yo tap jwe an deplasman.

XS
SM
MD
LG