Accessibility links

Breaking News

Vizit Sipriz E Vizit "Adieu" Prezidan George W. Bush nan Irak


Prezidan ameriken an, George W. Bush, fè dimanch 14 desanm nan yon vizit sipriz e, an menm tan, yon vize "d'adieu" nan Irak. Msye Bush, san twonpèt ni fanfa, kite nan nuit samdi pou louvri jodi dimanch lan Washington, DC pou kapital irakyen an, Bagdad, kote li debake nan apre midi menm jou a.
Kontrèman ak 3 vizit-sipriz li te fè anvan yo, vizit sa a te demare avèk yon ti seremoni byenvenu - yon siy, petèt, ki montre amelyorasyon sitiasyon sekirite a nan kapital irakyen an. Irak, san di petèt, pral fè (e fè) pati eritaj msye Bush ak gouvèman lap dirije depi 8 tan Ozetazini an e kap rive nan fen manda li 20 janvye 2009 la.

Vwayaj prezidan an, an pati, se yon opòtinite pou l' prezante sitiasyon an nan Irak sou yon jou pi favorab pandan lap pare l' pou l' kite pouvwa a.
Msye Bush ap fè chita-pale ak premye minis Nouri al-Maliki e ak prezidan Jalal Talabani.

Chèf Mezon Blanch lan sipoze rankontre tou ak twoup ameriken yo nan Bagdad--dènye okazyon pou l' pale direkteman ak militè yo antanke kòmandan an chèf anvan l' pase mayèt la bay prezidan-eli Barack Obama 20 janvye kap vini an.

Vizit msye Bush la tonbe bab pou bab ak siyati yon nouvo akò sekirite ki non sèlman defini avni twoup ameriken yo nan Irak men ki fikse yon kalandriye pou yo kite nasyon arab la vè ane 2011. Nan avyon kap mennen msye Bush nan Bagdad la, Konsye Nasyonal Sekirite Mezon Blanch lan, Stephen Hadley, di yon ti gwoup jounalis kap vwayaje avèk prezidan an "akò sa a se yon akò inik nan mond arab la" e li kalifye li kòm yon "dokiman remakab".

Msye Hadley fè remake se atravè deba e atravè diskisyon piblik palman irakyen an (yon palman eli) adopte akò a. Aktyèlman, genyen 150,000 sòlda ak pèsonèl ameriken nan Irak.

Plis pase 4 mil 200 militè ameriken pèdi lavi yo depi envazyon Lèzetazuni te lanse an mas 2003 pou retire Saddam Hussein sou pouvwa a.

XS
SM
MD
LG