Sekretè Deta ameriken an, Condoleezza Rice, egzòte Pakistan pou li onore pwomes li fe pou l’koopere ak End nan ankèt sou atanta teroris Mumbai la ki fè plis ke 170 mò.
Miss Rice di li fè Pakistanè yo konnen ke agiman komkwa teroris Mumbai yo pat lye ak leta pakistanè, se yon agiman ki pa akseptab. Sou televizyon ABC, Sekretè Deta ameriken an di otorite Endyen yo gen dwa pran mezi efikas pou reponn atak la men li deklare gen limit pou yo pa franchi. Madam Rice ensiste sou nesesite pou End ak Pakistan kolabore.
Nan pwogram Meet The Press sou televizyon NBC, Prezidan-eli Barack Obama deklare li enpòtan pou tout aktè nan rejyon sid Azi a travay ansanm pou yo fè fas ak menas teroris ki poze pou yo tout ansanm.
Msye Obama di nou bezwen yon patenarya, yon asosyasyon, estratejik, ak tout sektè nan rejyon an, Pakistan, End, gouvènman Afghan an, pou desitire jan de ekstremis, teroris, ak militan ki tabli baz yo e k' ap opere nan zòn nan yon fason ki menase tout kominote entènasyonal la.
Barack Obama di lidè pakistanè yo bay bon siyal jiskaprezan, yo konprann menas la, e li espere tabli yon relasyon travay etwat ak Islamabad, pou garanti sekirite Lezetazini ak Pakistan.
Fè klik sou ralonj ki anlè atik sa a pou w koute tout repòtaj la.