Accessibility links

Breaking News

Brezil Ap Voye Yon Batiman Ak 500 Tòn Manje Bay Ayiti


Gouvènman brezilyen an voye yon bato chaje ak pwovizyon alimantè kap antre nan Pòtoprens semèn pwochèn. Anbasadè brezilyen an ann Ayiti, Igor Kipman, di Lavwadlamerik 500 tòn manje sa a se yon kout men pou efò gouvènman ayisyen an ap deplwaye pou l fè fas a pwoblèm grangou ki frape plizyè zòn nan peyi a. Koute diplomat la nan mikwo Jn-Pierre Leroy.

Pandansetan, plizyè sektè nan peyi d Ayiti kontinye ap leve lavwa pou yo denonse grangou e plede anfavè yon pwodiksyon nasyonal. Nan sans sa a, MOREPLA --ki se Mouvman Revandikatif Peyizan Latibonit-- fè yon rasanbleman yè mèkredi a pou l lanse yon apèl bay otorite konsène yo pou yo pran bon jan dispozisyon pou antwot konbat fenomèn grangou a. Koute yon korespondans Galilée Perilus depi Senmak.

Menm kri kont yon kriz grangou e an favè agrikilti ak pwodiksyon nasyonal la nan rejyon Nòdès peyi a, toupre Repiblik Dominikèn, dapre yon repòtaj Yvan Martin Jasmin.

Pou w koute repòtaj sa yo, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG