Accessibility links

Breaking News

Prezidan-Eli Barack Obama Nonmen Bill Richardson Minis Komès


Prezidan-eli Etazini an Barack Obama chwazi gouvènè eta Nouvo Meksik la, Bill Richardson, kòm Minis Komès nan pwochen gouvènman ameriken an. Msye Obama fè anons ofisyèl la jodi a nan Chicago.

Msye Obama di, "Gouvènè Richardson gen yon kapasite spesyal pou li jwe wòl sa a, kòm youn nan prensipal diplomat ekonomik Etazini. Pandan tan li pase alatèt gouvènman Nouvo Meksik la, nan Kongrè a e nan Kabinè ministeryèl la pandan 2 fwa, li obsève, prèske sou tout ang, sa ki fè ekonomi nou an pwogrese e sa ki anpeche l byen mache."

Bill Richardson, ke anpil moun panse ki te gen chans pou li vin Sekretè-deta (anvan non Hillary Clinton te kòmanse site), eksprime satisfaksyon li pou pòs Minis Komès la.

Msye Richardson di, “Avek ou-menm kom lidè, Msye Prezidan-eli, Lèzetazini pral retounen yon fwa ankò nan premye ran nasyon kap ofri lide tou nèf, sitou nan nouvo sektè ki va rann nou endepandan nan kesyon enèji, ak kreyasyon anplwa nan sektè sa a, sa ki va pwoteje anviwonnman an.”

Antan ke Minis Komès, Bill Richardson pral jwe yon wòl total-kapital pou ankouraje plis echanj entènasyonal e ede kore baz ekonomi amerikèn nan. Li se premye panyòl Barack Obama nonmen nan Kabinè a.

Yon lòt kote, Msye Obama ap travay seryezman sou dosye kriz ekonomik la e li pwomèt li pral aji nan kolaborasyon ak gouvènè 50 eta ameriken yo. Li te pran angajman sa a madi nan Filadelfi, Pennsilvani. Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w ka koute yon repòtaj sou sa.

XS
SM
MD
LG