Msye Obama di ekip li a prè pou l' dirije sa li rele yon nouvo stil lidèchip ameriken atravè le mond. "Nap ranfòse kapasite nou pou n' bat lennemi nou yo e apiye nou.Nou pral renouvle ansyen relasyon ak alye nou yo e tabli nouvo patenarya ki pral dire.
Nou pral montre le mond, yon lòt fwa ankò, ke Etazini pap janm fatige defann pèp nou an, kontinye defann enterè nou, e pran angajman vizavi ideyal kap klere le mond tankou yon "phare", ideyal demokrasi ak justis, opòtinite avèk espwa inebranlab, paske valè amerikèn yo se pi gro ekpòtasyon Etazini nan le mond.
Lè Msye Obama tap anonse li chwazi Hillary Clinton kòm Sekretè Deta a, li te dekri ansyen rival politik li a kòm yon moun ki merite respè atravè le mond e yon moun ki kapab mete ann aplikasyon angajman msye Obama pran pou l' pote san nèf nan diplomasi amerikèn nan e retabli alyans yo.
Madam Clinton deklare lap difisil pou l kite sena a, sepandan li ajoute ke l' pre pou l' leve defi reprezante Etazini sou sèn entènasyonal la. Hillary R. Clinton deklare : " Nou konnen ke ni itilizasyon lafòs ni pèp ameriken an pou kont-li poukont li pa ka pwoteje sekirite nou, valè ak enterè nou. Nou dwe pratike yon diplomasi djanm pandan nap sèvi ak tout zouti nou ka rasanble pou n' bati yon avni avèk plis patnè e mwens advèsè, plis opòtinite e mwens danje pou moun kap chèche libète, lapè avèk pwosperite".
Msye Obama anonse kèk lòt nominasyon lendi 1 desanm nan, tankou Eric Holder kòm minis justis ak gouvènè eta Arizona a, Janet Napolitano, kòm pwochen responsab sekirite tèritoryal. Msye Obama chwazi tou jeneral retrete James Jones kòm konseye Sekirite Nasyonal. Prezidan eli-a nonmen Susan Rice kòm nouvo anbasadè Etazini nan LONU.