Accessibility links

Breaking News

Yon Tribinal Dominiken Pwononse l' Anfavè Reklamasyon 500 Braceros Ayisyen Kont Yon Izin Sik Lokal


Tribinal Travay San Pedro De Macoris la, nan Repiblik Dominikèn, bay travayè ayisyen yo yon viktwa sou santral sikriyè prive lokal la Cristóbal Colon. Juj Ana Maria Perez Patin mande konpayi a onore kontra travay ouvriye yo e peye yo bonis yo sipoze resevwa pou fèt tankou Nwèl epi pou yo benefisye asirans-sante. Se premye fwa yon tribinal nan Repiblik Dominikèn pran yon desizyon anfavè braceros (peyizan kap koupe kann nan peyi panyòl yo) ayisyen yo.

Dapre Garr (gwoup Apui Pou Rapatriman Refijye yo) juj Perez Patin voye jete agiman izin sik la ki di ouvriye yo pa ka gen kontra paske yo pa gen kat didantite elektoral. Pou juj la, koze sa a pa gen okenn pèz paske chak bracero genyen yon nimewo idantite biwo migrasyon R.D delivre e ke izin nan remèt li. Pou fini, juj Ana Maria Perez Patin di lwa peyi a kouvri tout teritwa nasyonal la ak tout travayè, dominiken kou etranje.

NB: Ale sou ralonj ki anlè atik sa a pou plis devlopman aktyalite a.

XS
SM
MD
LG