Accessibility links

Breaking News

Santo-Domingo: Somè sou Kriz Ekonomik Mondyal la: Premye Minis Pierre-Louis nan Tèt Delegasyon Ayiti a


Nan Santo Domingo, kapital Repiblik Dominikèn, dirijan politik ak responsab ekonomi ak finans divès peyi nan rejyon Amerik Latin nan ak Karayib la reyini pou yon somè sou kriz sektè finansye a ap travèse nan lemond e sou konsekans sa kapab genyen sou rejyon karayib la ak sou-kontinan latino-ameriken an. Se prezidan dominiken an, Leonel Fernandez, ki te lanse lide rankont sa a k ap dewoule tou sou ko-patwonaj Komisyon Ekonomik Latino-Amerikèn nan (abreje espayòl CELA). Kòlèg nou nan Sen Domeng, Edouard Jean, di nou delegasyon peyi Dayiti a gen nan tèt li Premye Minis Michelle D. Pierre-Louis.

Yon lòt kote, ann Ayiti yon machin ki t ap sòti Sen-Mak pou l ale o Kap-Ayisyen avèk yon ekip foutbòl ladan n, fè aksidan: anpil nan foutbolè yo blese e viktim yo twouve yo kounyela a nan yon lopital tou prè Sen-Mak.

Epi nan diskisyon k ap fèt depi plizyè semèn deja --depi Konsèy Elektoral Pwovizwa-a (KEP) te anonse eleksyon pasyèl pou Sena a pou mwa d avril 2009-- majorite obsèvatè yo lage responsablite lantè pwosesis la sou do otorite elektoral yo ou sou do gouvènman an. Sanble se pa opinyon powofesè Gracien Jean k ap anseye nan "Institut Supérieur des Sciences Politiques, Economiques et Juridiques" nan Pòtoprens. Li reponn kesyon Serge Rodriguez.


Pou plis detay sou nouvèl sa yo, klike sou lyen anlè a.

XS
SM
MD
LG