Accessibility links

Breaking News

Medya Ameriken yo Fè Konnen Kabinè Prezidan-Eli a, Barack Obama, Koumanse Ap Pran Fòm


Laprès Ozetazini rapòte prezidan-eli Etazini an, Barack Obama, deside nonmen Timothy Geithner kòm minis trezò. Msye Geithner se aktyèl Gouvènè Bank Santral Eta New York la. Ekip tranzisyon Msye Obama a poko fè okenn anons ofisyèl sou nominasyon sa a, sepandan nouvèl yo di anons la kapab parèt semèn pwochèn.

Antretan, plizyè endis sou mache-d'labouss ameriken an anrejistre yon ogmantasyon nan pri aksyon yo, aprè nouvèl ki te fè konnen prezidan-eli Obama pran desizyon sou kilès li chwazi kòm pwochen minis trezò Etazini e ki va genyen pou l' dirije efò pou remete ekonomi amerikèn nan sou ray. Gwo Endis yo sibi yon ogmantasyon plis pase 5 pousan nan fen tranzaksyon yo jodi vandredi 21 novanm 2008 la.

Yon lòt kote, jounal ameriken The New-York Times pibliye tou yon atik ki fè konnen ansyen kandidat alaprezidans Lèzetazini e senatè Eta Nouyòk Hillary Clinton aksepte nominasyon l' kòm Sekretè Deta. Sepandan, biwo senatè Clinton nan demanti nouvèl sa a. Neanmwen, yon pòt pawòl senatè a di chita tande ou kesyon an ak ekip tranzisyon msye Obama a ap mache trè byen.

Sou yon plan entènasyonal e rejyonal, prezidan ameriken an, George W. Bush, rive nan vandredi nan Pewou, kote li pral pote kole ak lidè nan rejyon pasifik la. Mesye Bush pral patisipe nan yon somè anuèl sou ekonomi--somè ki pral santre sou kriz finansyè mondyal la.

Lidè ameriken an gen pou’l fè yon rankont nan vil Lima, kapital peruvyèn nan, ak prezidan chinwa a, Hu Jintao. Dapre Mezon Blanch la, rankont sila a pral bay prezidan Bush opòtinite pou l' pase an revi relasyon amerikano-chinwa yo anvan 30tyèm anivèsè etablisman relasyon diplomatik ant 2 nasyon yo.

Somè kooperasyon ekonomik Azi-Pasifik la pral dire 2 jou e lap tanmen samdi nan kapital peruvyèn nan. Lidè ameriken an pral eseye jwenn apui tou pou mezu 20 pi gwo ekonomi mondyal yo te adopte nan somè G-20 semèn pase a nan Washington, D.C. Aksyon sa yo pral sèvi pou rezoud kriz ekonomik global la ansanm ak pwoblèm ki te alabaz kriz la.

XS
SM
MD
LG