Accessibility links

Breaking News

Somè Finansye Wikenn Sa a Nan Repiblik Dominikèn


Anbasadè Repiblik Dominikèn nan peyi Dayiti, Dr. Jose Serulle Ramia (1) konfime peyi li ap òganize samdi 22 ak dimanch 23 novanm nan yon somè nan vil La Romana pou diskite ak lidè rejyonal yo sou kriz finansye mondyal la ki afekte ekonomi peyi Amerik Latin ak Karayib la. Dapre jounal dominiken Listin Diario, Sekretè dEta ekonomi, planifikasyon ak devlopman Repiblik Dominikèn nan, Temístocles Montás, konfime ap genyen, pou pi piti, 3 chèf deta nan rejyon an, sekretè jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) Miguel Insulza ak plizyè fonksyonè Fon Monetè Entènasyonal (FME) ap prezan nan Somè Casa De Campo a, nan La Romana--yon vil nan lès Repiblik Dominikèn. Tit Somè a "L'Ordre Financier Mondial émergent: une perspective regionale". Somè a ap demare samdi a katrè (4 è) nan apremidi avèk yon diskou prezidan dominiken an, Leonel Fernández, ki deja konte sou prezans prezidan Honduras la, Manuel Zelaya Rosales; prezidan El Salvador a, Elias Antonio Saca, plis prezidan ayisyen an, René Préval.

Sekretè Temístocles Montás deklare Somè sa a genyen yon kokenn enpòtans pou peyi latino-ameriken yo paske chèf dEta yo pral diskite konsekans posib kriz mondyal la genyen sou rejyon an. E li deklare “rezon ki fè somè sa a enpòtan-sonje kriz 1929 la Ozetazuni te dure 10 zan... ann' swete kriz sa a pa dire tout tan sa a". Somè La Romana ap bout dimanch 23 novanm nan.

(1) Dr.Jose Serulle Ramia, anbasadè Repiblik Dominikèn nan peyi Dayiti ekri plizyè liv. Pami yo: La Agropecuaria Dominicana De Cara Al Siglo XXI: Politicas Y Estrategias; Humanidad Y Naturaleza: Recursos Naturales Y Medio Ambiente En La Republica Dominicana Y El Caribe; Fondo Monetario Internacional: Deuda Externa Y Crisis Mundial.

Pou yon pèspektiv ayisyen sou somè La Romana, klike sou ralonj anlè atik la pou n' koute repòtaj Ronald César a.

XS
SM
MD
LG