Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Yon Elikoptè Tonbe E Touye Tout Moun Ki te Abo l'


Yon elikoptè prive tonbe e kraze madi 18 novanm nan, tou pre vil Sen-Mak, yon vil ki sou apeprè swasant-senk kilomèt distans o nò repiblik karibeyen an. 2 pasaje ki te abò aparèy la pèdi lavi yo lè ayewonèf la al' tonbe nan yon lagon. Yon polisye ayisyen, Joseph Félix, ki te ale sou plas endike 2 viktim yo se 2 ameriken, dapre dokiman yo jwenn sou lè lye, e sanble se yo 2 a sèlman ki te nan elikoptè a. Félix di li pa konnen non plis ki kote aparèy la sòti, paske se pa yon elikoptè ki te pran vòl depi tèritwa ayisyen an puiske responsab aviasyon sivil nan peyi a pat bay okenn otorizasyon pou aparèy sa dekole madi 18 novanm nan.

Misyon Estabilizasyon Nasyonzini an (Minustah) nan peyi Dayiti, ki posede pi fò elikoptè ki an sèvis sou tèritwa ayisyen an di li pa pèdi okenn aparèy, dapre sa Enspektè jeneral polis ayisyen an, Fritz Jean, rapòte bay Ajans France Presse.


XS
SM
MD
LG