Accessibility links

Breaking News

Prezidan-Eli Barack Obama Fè Chita-Pale Ak Senatè John McCain


Prezidan-eli Etazini an, Barack Obama, ak ansyen rival li nan kous alaprezidans la, John McCain, pwomèt pou yo travay ansanm pou chèche yon solisyon pou kriz ekonomik la e pou lòt gwo defi peyi Etazini ap konfwonte yo. Aprè rankont la, mesye Obama eksprime satisfaksyon l' ak chita tande a ki dewoule nan biwo tranzisyon prezidan-eli a nan vil Chicago, Eta Illinois. Li deklare "nou fenk genyen yon bon konvèsasyon sou fason nou kapab reyalize kèk travay ansanm pou’n rezoud pwoblèm peyi a… e pou’m te ofri senatè MCCain remèsiman-mwen tou pou sèvis remakab li deja rann nasyon an".
Mesye Obama ak mesye McCain pibliye yon deklarasyon konjwen kote yo fè konnen chita-tande a te pwodiktif e li te santre sou nesesite pou nou tanmen yon peryòd refòm tounèf Ozetazini. E yo pran angajman pou yo travay ansanm nan mwa kap vini yo.

XS
SM
MD
LG