Kèk nan pwen ki domine aktyalite a nan peyi d Ayiti jodi a:
Inyon Ewopeyèn debloke anviwon 17 milyon edmi dola pou amelyore edikasyon nan peyi a atravè yon pwogram kap touche plizyè depatman. Korespondan nou Jn-Hernst Eliscar gen detay depi vil Okay.
Yon lòt kote, Premye Minis Michèle Duvivier Pierre-Louis te gen pou li pran lapawòl jodi lendi a nan okazyon Jounen Ewopeyen Devlopman kap dewoule nan peyi Lafrans. Pandan vizit sa a Premye Minis ayisyen an ap rankontre plizyè pèsonalite politik fransè ak ewopeyen. Madam Pierre-Louis genyen avè l minis Spò ak Aksyon Sivik la Evans Lescoflair ak Responsab kesyon ekonomik nan Primati a, Jean Palerme Mathurin.
Epi, Reyaksyon kontinye ap tonbe nan peyi apre deklarasyon yon manm Palman an, Depite Maxo Balthazar, ki te fè konnen omwen 20 timoun mouri nan Sidès la akoz grangou, apre pasaj dènye tanpèt yo. Jounalis Eric Solon Ulysse, nan afilye nou Radio Ginen, rezime deklarasyon palmantè a epi ekspoze pwoblèm nan. Si nou tcheke ralonj ki anlè atik la, nou kapab tande tou deklarasyon reprezantan PNUD la, Joël Boutroue, ki di ajans la kapab pa gen ase fon pou li ede pwogram kont malnitrisyon nan rejyon Sidès Ayiti nan mwa desanm nan.