Accessibility links

Breaking News

Somè nan Washington: Lidè Mondyal yo Pral Travay pou Yo Evite Plis Kriz nan Sektè Finansye a


Isit o Zetazini, prezidan George Bush patisipe vandredi 15 novanm nan nan yon somè sou kriz sektè finansye a ap travèse nan lemond.

Lidè 20 peyi patisipan yo deside pran tout dispozisyon k ap nesesè pou yo estabilize sistèm finansye a. Yo pran angajman tou pou yo ranfòse mache finansye yo e pwoteje yo gras ak yon pi gwo apui pou envestisè yo ak konsomatè yo. Nan yon deklarasyon lidè yo pibliye ansanm aprè somè a, yo mande chak gouvènman separeman pou yo vini ak kèk pwogram ekonomik pou ankouraje depans bò kote konsomatè yo. Sepandan, deklarasyon an ensiste sou nesesite pou gen kowoperasyon entènasyonal e li mande pou peyi yo fè plis echanj enfòmasyon. Li lanse lide pou yo modènize Fon Monetè Entènasyonal ak Bank Mondyal e, daprè dokiman an, 2 enstitisyon sa yo ta dwe fè plis plas pou reprezantan peyi ki sou wout devlopman yo. Pandan prezidan Bush t ap pale ak laprès aprè somè a, li deklare rankont dijans sa a sete yon "veritab siksè".

Anvan somè a, Misye Bush te fè konnen, nan moman lidè mondyal yo t ap pare yo pou rankont la, yo tout re-afime enpòtans mache lib ak komès lib. Prezidan ameriken an pale konsa nan diskou inogiral somè a. Li ajoute li-menm ak delege yo te fè bon jan pwogrè nan diskisyon non-ofisyèl yo te genyen sou dosye kriz la vandredi swa ---men li ensiste pou l di genyen anpil travay ki rete pou fèt.

Youn nan patisipan yo se chèf gouvènman britanik la, Gordon Brown, ki te jwe yon gwo wòl nan efò ki te nesesè pou reyini tout lidè sa yo yon sèl kote. Li-menm ak prezidan fransè a, Nicholas Sarkozy, lanse lide pou gouvènman yo ta sere boulon règleman ki reji fonksyonnman enstitisyon bankè yo. Daprè misye Brown - n ap site: “Toutotan nou pa mete sou pye yon sistèm kowòdinasyon ak sipèvizyon mondyal, nou sou lis pou n reviv yon lòt kriz k ap prezante yon lòt kote san n pa atann; paske nou pa okouran risk moun yo ap pran. Alòs, daprè mwen, sa nou dwe chache, se tabli yon nouvo tip de relasyon ant mache yo ak gouvènman yo."

Men misye Bush pa tèlmen renmen lide pou gouvènman yo ta mele twòp nan aplikasyon lwa sou fonksyonnman enstitisyon finansye yo. Daprè li, tou sa se biwokrasi k ap fè bagay yo trennen, e se pa nesesè. Li te kenbe yon langaj konsa nan yon mesaj li te mete semèn sa a devan yon gwoup antreprenè nan New York kote l te di -n ap site tou: «Kriz la se pa yon kriz sistèm mache lib la ; e solisyon an se pa pou n eseye re-envante sistèm nan. Se pou n rezoud pwoblèm ki devan nou yo, fè refòm no bezwen fè yo, e ale de lavan ak prensip mache lib yo ki te pote pwosperite ak espwa bay pèp yo atrevè lemond."

Pou plis detay sou "Somè Washington nan", klike sou lyen anlè a

XS
SM
MD
LG