Medya ameriken yo rapòte senatè Hillary Clinton twouve l' pami kandida prezidan-eli Barack Obama ap anvizaje bay pòs Sekretè Deta a nan gouvènman li an. Nouvèl yo fè konnen tou mesye Obama fè yon rankont ak palmantè Eta New York la jedi nan vil Chicago. Pandan yon evènman ki dewoule nan rezidans senatè Eta New York la vandredi 14 novanm nan, madan Clinton refize fè kòmantè sou desizyon administrasyon ki pral rive sou pouvwa a nan mwa janvye ane pwochèn nan.
Reponsab nan Pati Demokrat la endike ansyèn Premyè Dam nan sou lis kandida ki
kapab tounen chèf diplomasi Lèzétazini an. Senatè Eta New-York la te
pèdi eleksyon primè pou envestiti pati a devan senatè Obama apre yon
batay sere ki te dire lontan.
Pami lòt pèsonalite politik ki sou lis
pou pòs Sekretè Deta a, genyen senatè demokrat Eta Massachussetts John
Kerry, senatè republiken Eta Nebraska Chuck Hagel ak gouvènè Eta Nouvo
Meksik Bill Richardson.