Accessibility links

Breaking News

Etazuni Kont Kore du Nò nan Final Koup du Mond


Foutbòl

Seleksyon feminen ameriken an kalifye pou final chanpyona du mond football U-17 kap dewoule nan Nouvèl Zeland apre viktwa supriz 2 a 1 yo ranpòte devan Almay . Ameriken yo pral rankontre Kore du Nò ki elimine Angletè ak yon viktwa 2 a 1. Angletè ap rankontre Almay nan match konsolasyon an.

Chikago Fire ap vizite Kolonbus Crew nan final konferans de Lès chanpyona nasyonal football balonwon ameriken an. Samdi New York Red Bulls pral lakay Real Salt Lake nan final konferans de Lwès la.

An match amikal entènasyonal Meksik kale Ekwatè 2 a 1 nan kad yon match chofe jarèt ki jwe ant 2 seleksyon yo yè swan an Phoenix Arizona.

Medya yo an Arjantin rapòte antrenè seleksyon Arjanten an Diego Maradona kapab demisyone si l pa kapab jwenn yon antant ak federasyon football peyi a pou l chwazi Oscar Ruggeri kòm asistan antrenè. Dapre nouvèl yo Maradona te boukante pawòl piman bouk ak prezidan federasyon football arjanten an Julio Grondona sou chwa a. Ensidan an rive kèk jou avan ekip la pran avyon pou l ale an Eròp kote li pral rankontre Ekòs nan kad yon match amikal entènasyonal.

Antrenè Pòtugal la Carlos Queiroz konvoke lis jwè ki pral reprezante peyi a nan yon match amikal kont Brezil Mèkredi kap vini la a.

Antrenè franse Raymond Domenech publiye lis 23 jwè ki pral reprezante peyi a nan okazyon yon match amikal kont Urugwe semen pwochèn nan. Almay publiye lis jwè ki pral patisipe nan match amikal entènasyonal kont Angletè nan stad Olenpik Bèlen an Mèkredi kap vini la a.

Japon kale la Siri 3 a 1 an preparasyon ak match kalifikatif koup du mond Afrik du Sud 2010 la. Japon, ki 2 zièm nan group A a ak 4 pwen, ap rankontre Katar Mèkredi. Katar gen 4 pwen tou nan group la.

Atakan Real Madrid la Olandè Ruud van Nistelrooy ap rate rès sezon an apre li finn subi yon operasyon yè Mèkredi a. Doktè yo isit Ozetazuni estime operasyon pou rekonstrui ligaman yo ap pran ant 6 ou byen 9 mwa tou depann de tretman an.

Je Zolenpik

7 disiplin spòtif ki ta renmen yo fè pati je zolenpik yo an 2016 gen pou fè depozisyon demen Vandredi a devan manb komite Olenpik Entènasyonal la. Pa ekzanp Softball feminen ak baseball ki te nan je zolenpik Peken 2008 pa figure nan disiplin spòtif pandan je zolenpik Lond 2012 yo. Pami disiplin spòtif ki sou lis pou je 2016 yo nou jwen gòlf, ak karate. Responsab yo ap pran yon desizyon ane pwochèn.

Baskètbòl

Los Anjeles Lakers ranpòte 7 tièm viktwa l nan NBA a apre li danse sou New Orleans Hornets 93 a 86 yè swa gras ak Kobe Bryant ak Derek Fisher ki manke 20 pwen yo chak. Finalman Washington Wizards ranpòte premye viktwa l depi sezon an kòmanse. Wizards yo ranpòte yon viktwa 95 a 87 devan Utah Jazz. Lòt ekip ki ranpòte la viktwa se Boston Celtics, Portland Trail Blazers, New York Knicks, Philadelphia 76ers, Orlando Majik, Indiana Pacers, Milwaukee Bucks ak Sakramento Kings

XS
SM
MD
LG