Accessibility links

Breaking News

Yon Dezyèm Lekòl Tonbe Nan Peyi Dayiti, Nèf Moun Blese


Nèf moun pou pi piti blese lè yon pòsyon nan yon lekòl prive tonbe mèkredi nan katye Canapé-Vert 5 jou apre lekòl La Promesse Evangélique te anfale e touye omwens 90 kretyen-vivan nan Nérette, Petion-Ville, yon katye rezidansyèl alès kapital Ayiti a, Port-au-Prince. Otorite yo di pi fò timoun yo te nan rekreasyon nan moman aksidan an. Sekouris ki ale sou plas di pa genyen moun mouri.

Dezyèm lekòl la ki rele La Grâce Divine, sitiye nan katye Canapé-Vert, ki nan sektè ès kapital la.

Jounalis ki ale sou plas konstate twati etablisman an anfale e miray ki rete doubout toujou yo fele. Sekouris yo kondi lopital 2 ekolye ki blese grav ak 7 ki sòti senpleman ak kèk ki "gafouyen". Dapre otorite ayisyen yo, menm jan pou lekòl La Promesse Evangélique Pétion-Ville la, se move konstriksyon ak mank siman ki lakòz efondreman yon seksyon nan lekòl Canapé-Vert la.

Minis travo piblik la, Jacques Gabriel ak sekretè d'Eta Pou Sekirite piblik la, Luc Eucher Joseph, di se yon konstruksyon ki pa gen siman, ki pa gen fè ke zòt bati san respekte règleman sou konstriksyon ki ekziste nan peyi a.

Fè yon Klik sou ralonj ki sou tèt atik sa a pou koute devlopman ki gen rapò ak depèch sa a.

XS
SM
MD
LG