Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush Komemore Jou Ansyen Konbatan yo


Jodi 11 novanm nan se Jou Ansyen Konbatan yo, ou Veterans Days, isit ozetazini. Jou sa a raple finisman Premyè Gè Mondyal la, sa gen 90 an. Prezidan George W. Bush te deplase ale nan vil New York pou re-dedikas bato-de-gè USS Intrepid ki sot' sibi yon gwo renovasyon. Vis-Prezidan Dick Cheney te pale ak yon gwoup ansyen konbatan nan Simityè Nasyonal Arlington nan.

Nan Chicago, Illinois, Prezidan-eli Barack Obama te depoze yon jèb fè anmemwa ansyen sòlda ki te bay vi yo pou defann kòz libète. Msye Obama lanse yon apèl, nan yon deklarasyon ekri, pou Etazini dedye tèt li yon fwa ankò nan yon gwo jefò pou pwoteje eritaj sakre ansyen konbatan yo mouri kite pou nou.

Men se pa isit sèlman yo komemore okazyon sa a. Nan plizyè peyi etranje, pa egzanp Lafrans, Ostrali ak lòt kote, gen diskou ki fèt pou raple enpòtans sakrifis sòlda ki te konbat nan lagè 14-18 la. Prezidan Nicolas Sarkozy deklare yo dwe onore memwa tout mò yo san eksepsyon. Premye-Minis ostralyen an Kevin Ruud mande pou lemond konsidere jou sa a tankou yon Jounen Pou Lapè.

Ou kapab tande repòtaj nou an ak deklarasyon Msye Bush ak Msye Obama si ou fè klik sou ralonj ki anlè atik la.

XS
SM
MD
LG