Accessibility links

Breaking News

Federasyon Atletis Entènasyonal la Ratifye Rekò yo


Atletisme

Federasyon Atletis Entènasyonal la ratifye plizyè rekò du mond pami yo nouvo rekò Etyopyen Haile Gebrselassie te bat nan marathon Berlen an. Òganizasyon an ratifye rekò Rus Denis Nizhegorodov te bat nan march 50 kilomèt la ak lans Javelo Feminen Tchèk Barbora Spotakova.

Foutbòl

Meyè butè Lig football balonwon ameriken an Jaime Moreno subi yon operasyon nan jenou yè Jedi a. Selon responsab yo Moreno kap jwe nan DC United ap gen tan geri pou l kòmanse pwochen sezon an.

Chikago Fire danse sou New England Revolution 3 a 0 pou l rankontre nan final konferans de Lès la ak Colonbus Crew ou byen Kansas City Wizards Jedi pwochen. 2 ekip yo demen Samdi a. Nan konferans de Lwès la Real Salt Lake ap rankontre Chivas USA epi Dimanch New York Redbuls kont Houston Dinamo.

Rezilta kèk pami rankont ki jwe nan koup Unyon football Eropeyen an. Tottenham pilon-nen Dinamo de Zagreb 4 a 0. Manchester City kale ak difikilte FC Twente 3 a 2. Slavia de Prag tonbe 1 a 0 devan Aston Villa. Gallatasaray kale Benfica de Lisbòn 2 a 0. Standard de Lyèj suprann FC Seville ak yon viktwa tou mens 1 a 0 epi klub Italyen Udinese kale Spartak de Moskou 2 a 1.

Nouvo antrenè seleksyon arjantin nan Diego Maradona pap gen sèvis vedèt football Barselòn Leonel Messi pou match amikal kont Ekòs 19 Novanm epi kont la Frans an Fevriye akoz yon akò responsab genyen ak federasyon football Arjantin nan.

Maradona kapab gen sèvis Leonel Messi nan okazyon match koup du mond pou zòn Amerik du Sud kont Venezuela an Mas pwochen. Maradona ap trouve l an Angletè kote li gen pou l obsève pwochen jwè ki kapab fè pati selekson nasyonal arjanten an.

Ayiti Spò

Demen chanpyona nasyonal ayisyen an ap rapousib pandan weekend ak yon seri de rankont pi enteresan ke lòt.

Baskètbòl

Te gen 2 rankont nan NBA a yè swa Orlando Majik kale Philadelphia 76ers 98 a 88 epi Portland Trail Blazers te bezwen pwolongasyon pou l ranpòte la viktwa 101 a 99 devan Houston Rockets.

Bòks

Chanpyon pwovizwa Konsèy Mondyal Boks la Nikaragweyen Juan Palacios defann tit li te ranpòte nan kategori 47 kilo 60 la. Apre li kapote an 2 okazyon Japonè Teruo Misawa jodi a nan Chengdu an Chin.

Tenis

Jwè tenis ameriken Serena Williams ak Sèb Ivanovic abandone dènye tounwa tenis pou sezon Asosasyon Tenis pwofesyonèl feminen an kap dewoule nan Doha Katar. Williams abandone akoz yon blesu nan vant epi Ivanovic malad.

Sa vle di Rus Elena Dementieva kalifye otomatikman pou semi final la ansanm ak Venus Williams. Polonè Agnieszka Radwanska ranplase Ivanovic nan lòt group la kont Rus Svetlana Kuznetsova

Foutbòl/Ameriken

Denver Broncos te fè anpil efò avan li kale Cleveland Brown 34 a 30 nan kad match football zèpòl kare ki jwe chak Jedi swa. Broncos gen kounye a 5 viktwa ak 4 defèt pandan ke Cleveland fè yon bak ak 3 viktwa 6 defèt.

XS
SM
MD
LG