Defi Ki Poze Pou Nouvo Prezidan Etazini an: Prezidan eli Barack Obama reyuni ak fanmi l nan Chicago, kote lap prepare ekip ki pral travay avèk li lè li va ranplase Prezidan Bush nan palè a, 20 janvye kap vini an. Men, 2 jou apre kokenn viktwa Senatè Obama sou rival republiken li an John McCain, espesyalis politik ak ekspè nan relasyon entènasyonal yo fè konnen prezidan eli a pral gen pou l fè fas ak divès defi depi o-kòmansman. Youn nan pwoblèm klè kap tann ni se, san di pètèt, dosye prezidan sòtan an, George Bush, pral kite dèyè pou li. Pami dosye sa yo, genyen yon kriz ekonomik, 2 gè (youn ann Irak e lòt la nan Afganistan), posiblite pou Iran devlope zam nukleyè, epi yon seri lòt pwoblèm ki merite pou nouvo lidè ameriken an panche l' sou yo imedyatman.
Earl Black se yon pwofesè kap anseye nan Univèsite Rice; li se otè yon liv ki gen pou tit :Yon Etazini Divize. Misye Black pale pou l di, byen souvan tout nouvo prezidan ameriken genyen pou l fè fas ak pwoblèm ke predesesè l' la kite dèyè.
Pwofesè Black di: “prezidan an pral genyen pou l' fè fas, pa egzanp, ak pwoblèm Ronald Reagan te gen devan n lè l' te tounen prezidan an janvye 1981. Prezidan an pral eritye tout pwoblèm gouvènman anvan an tap konfwonte. Daprè pwofesè Earl Black toujou, yon lòt pwoblèm ki poze pou prezidan elu Obama, se gwo nivo esperans li mete nan lespri moun ki te apiye l' yo. Puiske anpil aspè nan mesaj Obama a mete aksan sou espwa ak chanjman, epi, an gwo, li pale yon fason jeneral, li rive atire plizyè milyon patizan; e se pa yo tout ki dakò sou kesyon pou konnen ki chanjman sa dwe ye, ki espwa yo ta renmen wè tounen reyalite.
Kèk nan gwo defi kap tann nouvèl administrasyon an gen rapò ak domèn politik etranjè a. An tou ka, se opinion Peter Zeihan, vis-prezidan Depatman analiz nan Stratford, yon konpayi ki travay sou zafè espyonnaj nan sektè prive a e ki baze o Tegzas. Daprè li, prezidan Obama pral genyen kèk pwoblèm espesyal pou l' rezoud.
Msye ZEIHAN di: "tou dabò, ou genyen Irak. Obama pwomèt patizan-n-yo pou l wete sòlda yo laba a osi to e osi vit ke posib. Sepandan, sòf si li vle fè yon revirman e voye sòlda nan Iran youn ou 2 lane apre, fòk li pran prekosyon nan fason lap fè sa. Li nesesè pou Lèzetazini rive jwenn yon antant ak Iran sou avni IraK. Sans a, si ou annik pati kite Irak, pa gen absoluman anyen ki pral anpeche Iranyen yo pran larelèv, kit se direkteman, kit se endirekteman. Peter Zeihan kontinye pou l' di nouvo prezidan ameriken an pral riske pwovoke yon konfli ak Pakistan si li fè sòlda ki nan Afganistan travèse fwontyè a pou y’al konbat militan Taliban ak al-Qaida kap opere nan peyi sa a.
Pou yon lide sou kouman tranzisyon an ap dewoule ant administrasyon prezidan George W. Bush la ak gouvènman an fòmasyon prezidan eli a, ale sou ralonj ki anlè atik sa a.