Accessibility links

Breaking News

Eleksyon USA: John McCain Kontinye Fè Kanpay Katrèdtan Anvan Premye Biwo Vòt yo Fèmen


Apre 21 mwa kanpay san rete, finalman Jou J a rive, e plizyèn dizèn milyon Ameriken ap vote depi maten an pou yo chwazi yon Chèf Leta, yon tyè nan Sena a, ak tout 435 manm Chanm dè Reprezantan an. Kote nap pale la a (twazè apremidi sou kot Es la), obsèvatè yo rapòte se pa kolonn elektè yo ap anvayi biwo vòt yo pou yo akonpli devwa sivik yo.


Malgre premye biwo vòt yo pral fèmen nan kèk èdtan, kandida repibliken an, Senatè John McCain kontinye ap chache pran tèt elektè yo. Apremidi a li te nan eta Colorado. Barack Obama li-menm te ale nan eta Indiana kote kous la sere, menmsi se yon eta ki abitye vote pou Repibliken.

Ayisyen ki gen dwa vote yo ap patisipe aktivman nan eleksyon jodi a e majorite nan yo fè konnen yo soutni kandida demokrat la Barack Obama. Ki jan sa ye nan Florid, nan New York, nan Boston, nan Washington? Nou te antre an kontak ak jounalis ayisyen ki nan kominote sa yo epi kolaboratè nou Jean Robert Philippe te vire won nan kapital federal la.

Si ou ta renmen koute repòtaj sa yo, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.


XS
SM
MD
LG