Accessibility links

Breaking News

Jou J Mwens 1: Maraton Dènye Chans Pou John McCain Nan Prezidansyèl Amerikèn yo



Kanpay pou eleksyon pwochen prezidan Etazini an rive nan bout li. Rete mwens ke yon jou pou biwo vòt yo ouvè e 2 prensipal kandida-a-la-prezidans yo, Demokrat Barack Obama ak Repibliken John McCain, angaje nan yon “sprint” atravè plizyè eta ki pral detèmine venkè 4 novanm nan.

Barack Obama, kap mennen nan tout sondaj yo, tanmen jounen an nan eta Florid kote li kontinye atake John McCain sou ekonomi an. Obama deklare “vote pou McCain se vote pou katran menm politik echwe Prezidan Bush yo.

Apre Florid, Obama ap pase nan Kawolin di Nò anvan li fini jounen an nan eta Vijini. Kandida repibliken an li-menm, ap vizite 7 eta, soti Florid pou rive lakay li nan Arizona.

Kontrèman ak tradisyon an, 2 kandida yo pral mennen kanpay nan jou eleksyon an, tèlman kous la sere anpil nan plizyè eta enpòtan.
Si ou ta renmen tande repòtaj VOA sou kanpay elektoral la pou jounen 3 novanm nan, fè klik sou ralonj ki anlè tèks la.

XS
SM
MD
LG