Accessibility links

Breaking News

FIFA Anonse Ouvètu Kanpay 2 Koup du Mond


Foutbòl

Komite Egzekutif-la FIFA-a te reuni yè jedi-a e jodi vandredi-a sou direksyon prezidan Sepp Blatter. Mesye Blatter ki bay jodi-a yon konferans pou laprès , anonse ouvertu modalite pou kandidatu pou Mondyal 2018 ak 2022-a jwenn apwobasyon komite egzekutif-la. Msye Blatter te toujou manifeste entansyonn pou pwochen koup du mond 2018 la dewoule an Eròp epi 2022 a kapab dewoule an Amerik du Nò, Ostrali ou byen an Chin.

FIFA/Abitre

Federasyon Entèçnasyonal Foutbòl-la , FIFA, publiye lis pwovizwa abit ki pral dirije match Mondyal 2010-yo ann Afrik du Sud. Genyen yon total 38 abit ki seleksyone 14 ki soti ann Ewòp, 7 ann Amerik du Sud, 5 ann Azi , 5 ann Afrik e 5 nan zòn KONKAKAF-la. FIFA ap gen pou-l redui lis a 20 avan kou Davwa-a.

Yè bouyon boul ewopeyen-an te kontinue. Milan Ac kale Heerenveen 3-1. Nan match sa-a Filippo Inzaghi make yon gòl pou Miloan ki fè-l tounen meyè buteur ee tous les temps pou Koup Dewòp .

Li devanse konnye-a Raul kap jwe nan Real madrid. Lòt rezulta: FC Seviy kale Stoutgart 2-0 ; Viktwa Aston Villa sou Ajax Amsterdam 2-1; St Etienne kouri ak Kopenhag 3-1. Nancy van-nen Feynord de Roterdam 3-0.

Basketbòl

Yè swa se te kou danvwa NBA-a : Los Anjeles Lakers san Kobe Bryant kale Charlotte Bobcast 88 a 77 ; VIKTWA TOU MENs Atlanta Hawks sou Detroit Piston 88 a 87. Miami Heat kouri ak New Orleans Hornets.

Je Zolenpik

Prezidan Komite Olemopik Entènasyonal-la Jacques Roggue voye yon lèt bay manm-li-yo pou anonse pral dèyè yon 2e manda pou-l ka rete nan nan tèt enstitusyon an jiskan 2013. Eleksyon-yo ap dewoule ann desann 2009 e Jacques Roggue poko gen rival.

Tennis

Nan tounwa tenis Bal-la nan peyi Lasuis, Juan Martin DelPotro kalifye pou semi final apre viktwa-l sou Igor Andreev an 2 sèt : 6-4, 7-5. An demi , Del Potro ap rankontre ak David Nalbandian. Roger Federer nan afich-la pou pita kont italyen Somone Boleli.

Nan tounwa Llyon-an : fransè Gilles Simon kalifye pou demi final gras ak viktwa an 2 sèt sou konpatriyòt-li Josseline Ouanna.

XS
SM
MD
LG