Accessibility links

Breaking News

Brezil, Nouvo Chanpyon du Mond Football an Sal


Foutbòl

Brezil kale Espay 4 a 3 sou tir de penalite apre tan reglemantè a ak pwolongasyon an te fini 2 a 2. Premye tit Brezil ranpòte depi 1996. Espay te ranpòte 2 dènye edisyon yo. Brezil ranpòte 3 premye edisyon konpetisyon an ki te kòmanse an 1989.

Ansyen kapitèn seleksyon angle a non-men kòm vis prezidan komite kap men-nen kanpay pou Angletè òganize koup du mond 2018 la—yon konpetisyon angle yo te òganize an 1966.

David Beckham anonse li pral kòmanse antrene ak Milan AC pou l kapab rete an fòm pandan kanpay koup mond Afrik du Sud. Aktyèlman Beckham jwe 107 match pou seleksyon an.

Franse Karim Benzema ak Franck Ribery se sèl fransè ki sou lis 30 jwè ki kapab resevwa pri meyè balon dò Eropeyen jounal Frans Football ofri chak ane. Pami absan yo nou jwen brezilyen Ronaldhino ak franse Thierry Henry ak Italyen Fabio Cannavaro.

Kolorado Rapids ranpòte yon viktwa 2 a 1 devan Chivas USA pou l konsève espwa pou l kalifye nan faz final chanpyona football balonwon premyè divizyon ameriken.Rapids yo dwe kale Real Salt Lake Samdi si l vle kalifye pou faz final la.

Foutbòl/ Etazuni

Tennessee Titans wouze Kansas City Chiefs 34 a 10 pou rete sèl ekip ki poko pèdu oken rankont depi sezon an kòmanse swa 6 viktwa 0 defèt. Buffalo Bills amelyore pèfòmans yo tou apre viktwa 23 a 14 li ranpòte devan San Diego Chargers. Buffalo Bills gen yon palmarès 5 viktwa 1 defèt. Menm situasyon an pou Pittsburg Steelers ki danse sou Cincinnati Bengals 38 a 10. Washington Redskins ranpòte yon viktwa tou mens devan Cleveland Browns 14 a 11. Chikago Bears te fè anpil efò avan li kale Minnesota Vikings 48 a 41. Dallas Cowboys tonbe devan Saint Louis Rams 34 a 14.

Dopaj/ Rusi

Federasyon Atletism Rus anonse jodi a yon sispansyon 2 zan kont 7 pami meyè atlèt peyi a genyen pou dopaj. Feddrasyon atletis entènasyonal te déjà suspann pwovizwaman atlèt apre yon ankèt kite dure 18 mwa. Atlèt say o pat kalifye pou reprezante la Rusi nan Je Zolenpik Peken yo. Pami atlèt sanksyone nou jwen Tatyana Tomashova ki ranpòte ki se chanpyon du mond 1500 mèt pandan 2 fwa ak chanpyon 1500 mèt an sal Yelena Soboleva. Kourè Yuliya Fomenko ak Svetlan Cherkasova figure sou lis la.

Atletisme

Atlèt Kenyan Jynocel Basweti te nan tèt atlèt Kenyan ki ranpòte marathon Denver a nan Kolorado. Jynocel fini kous la an 2 zhè-22 minit—13 sekond devan konpatriòt li Richard Kimeli ak chanpyon sòtan an Jonathan Ndambuki. 8 mil atlèt ki te soti nan 13 peyi patisipe nan kous la. Maraton Denver a ranmase anviwon 200 mil dola pou zèv charite.

Tenis

Jwè tenis Britanik Andy Murray kale franse Gilles Simon 6-4, 7-6 yè dimanch la pou l ranpòte tounwa tenis dè Mèt Madrid la. Muray rive nan final la apre li kapote numewo 2 mondyal Swis Roger Federer. Franse Gilles Simon suprann shoushou lokal la an mèm tan numewo 1 mondyal la Rafael Nadal pou l rive nan 4 trièm final ane sa a.

Ameriken Venus Williams pase Italyèn Flavia Pennetta 2 kout rakèt 7-6, 6-2 pou l ranpòte tounwa tenis Zurik la.

XS
SM
MD
LG