Accessibility links

Breaking News

Arjantin ap Chache yon Nouvo Antrenè


Foutbòl

Alfio Basile prezante demisyon bay Federasyon foutbòl Arjantinn apre defèt an deplasman selesyon ajantinn-nan devan Chili 1-0 nan kad eliminatwa Mondyal 2010-la. Arjantinn twouve-l an 3e pozisyon dèyè Brezil 2e e Paragwe premye.

Yon kou dèy sou kèk chanpyona ann ewòp : Ann Espay nan Liga-a : 7e jounen ap ofri yon dèbi madrilèn ant Real e Atletiko ; FC Barselòn ap jwe an deplasman lakay Atletiko Bilbao.

Nan Bundechliga-a , Bayern ki toujou an difikulte (11e nan klasman-an) ap deplase lakay Karls-ruhe;

Ann Angleter , lidè Tchelsi a pral lakay Midelsbrough. Inter de Milan-As Wom … Un match à voir nan Calcio-a.

Federasyon Football Jamayik la anonse antrenè pwovizwa seleksyon an Theodore Whitmore, ap rete nan tèt seleksyon an pou pwochen match koup du mond Jamayik ap jwe kont Kanada 19 Novanm. Antrenè pwovizwa a ede Jamayiken yo ranpòte 2 viktwa nan eliminatwa koup du mond la fas a Honduras ak Meksik.

Whitmore te jwe pou seleksyon Jamayiken an ki te patisipe nan koup du mond Frans 1998 la. Msye ranplase antrenè Brezilyen Rene Simoes ke federasyon an te revoke 11 Septanb pase a. John Barnes se nouvo antrenè seleksyon an kapab pran kontwòl seleksyon an apre rankont 19 Novanm nan.

DC United ranpòte yon viktwa 2 a 1 yè swa devan New England Revolution pou l rete an vi nan chanpyona lig premyè divizyon ameriken an. Viktwa a mete DC United ak 37 pwen ak posibilite pou l jwen dènye tike pou faz final konferans de Lès la.

Responsab lig football balonwon ameriken an suspann pou 10 match ak yon amand 10 pou 100 salè anuèl 2 jwè New York Redbulls, Jon Conway ak Jeff Parke, apre yo teste pozitif pou dròg.

Brezil kont Espay nan final chanpyon du mond football sal kap dewoule O Brezil. Espayòl yo rive nan final apre yo kale Itali 3 a 2 epi Brezil wouze la Rusi 4 a 2. Final la fikse pou Dimanch.

Pou la premyè fwa pri pou asiste yon final Superbowl ameriken ap koute 1000 dola. Responsab lig football zèpòl ameriken du mil 700 plas ofisyèl pou 43 zièm edisyon an ap koute 1000 dola chak. Tike pou granden ap varye ant 500 a 800 dola olye de 300 dola. 43 zièm edisyon an ap dewoule nan Tampa an Florid.

Tennis

Nan seri dè mèt Madrid-la, numewo 2 mondyal-la suis Roger Federer te bezwen 90 minut pou-l te elimine ajanten Juan Martin del Potro an 2 sèt : 6-3, 6-3 e kalifye pou demi final kote-l pral rankontre demen samdi ak Anddy Murray ki elimine ti Gael Monfils , moun peyi Lafrans an 2 sèt : 6-2, 6-2.

Tenis o feminen : Nan Zurik, italyen

Flavia Pennata kalifye pou demifinal gras ak viktwa-l sou Katarina Srebonik , mou peyi Sloveni, Amerikèn Venus Williams ak sèb Anna Ivanovitch ap jwe separeman kar de final-yo pita jodi-a.

Boxe

13 Desanm kap vini la a an Almay Boksè Ukrenyen Vladimir Klitschko pral boukante kout pwen ak boksè Rus Alexander Povetkin nan kategori pwa lou.

Klistschko se detantè tit Federasyon Boks Entènasyonal la, Òganizasyon Mondyal Boks la. Msye ap mete an je sèlman tit IBF la.

XS
SM
MD
LG