Accessibility links

Breaking News

Ayiti Elimine, Jamayik ak Trinidad nan Kous la


Foutbòl

Trinidad and Tobago toujou nan kous dèyè yon biyè pou ekzagonal final eliminatwa koup du mond FIFA 2010 la kap dewoule an Afrik du Sud. Trinidadyen yo suprann Etazuni ak yon viktwa 2 a 1 pou mete yo a 8 pwen dèyè Etazuni ki déjà kalifye pou ekzagonal final la. Gwatemala rete ak 5 pwen nan group la apre viktwa Kuba nan la Havann 2 a 1. 11 Novanm Etazuni kont Gwatemala epi Trinidad and Tobago ap akeyi Kuba—Yon nul ap regle zafè Trinidadyen yo.

Nan group B a anyen poko deside. Viktwa 1 a 0 Jamayik ranpòte devan Honduras mete l an 3 zièm pozisyon ak 7 pwen nan group la apre Meksik fè match nul 2 a 2 ak Kanada. Nan klasman jeneral la Meksik gen 10 pwen an premyè pozisyon, Honduras klase 2 zièm ak 9 pwen epi

Jamayik gen 7 pwen klase 3 zièm. Kanada gen yon pwen. Pwochen e dènye rankont la group la pral enpòtan lè Jamayik ap akeyi Kanada epi Honduras ap akeyi Meksik nan San Pedro Sula.

Group C a Salvador jwen dèye tikè a apre viktwa 3 a 0 yo ranpòte devan Surinam epi Haiti pèdu 2 a 0 devan Kosta Rika. Pwochen rankont Haiti pral lakay Surinam epi Salvador ap akeyi Kosta Rika.

Angletè kontinye ap byen men-nen nan group 6 Eropeyen an apre viktwa 3 a 1 yo ranpòte devan Belarus gras ak 2 gòl de Wayne Rooney. Anglè yo gen 12 pwen nan group la swa 5 pwen devan Ukrèn ak Kwasi. Kwasi wouze Andor 4 a 0 pou mete l a egalite ak Ukrèn ak 7 pwen yo chak.

La Oland gen yon avantaj 5 pwen nan group 9 la apre viktwa tou mens 1 a 0 yo ranpòte devan Nòvèj pou mete yo ak 9 pwen-5 pwen devan Ekòs ak Island. Republik Tchèk kòmanse reprann fòs apre viktwa 1 a 0 yo ranpòte devan Sloveni. La Rusi kale Findland 3 a 0 nan group 4 la. Nan group 4 la Lituani ranpòte yon viktwa tou mens devan Il Feroe yo pou mete presyon sou lidè group Sèbi ak 9 pwen yo chak.

Footbalè brezilyen yo poko kapab eksplike rezon ki fè yo fè match nul 0 a 0 ak Kolonbi. Vedèt ekip la tankou Kaka, Robinho rekonèt yo pat renmèt anyen nan gad la.

Afrik du Sud remonte yon defisi pou l kale Gana 2 a 1 nan kad yon match chofe jarèt ki jwe ant 2 seleksyon yo yè Mèkredi a.

Baskètbòl

Milwaukee Bucks te fè anpil efò avan li kale Golden State Warriors 98 a 94 nan kad yon amikal ki jwe an chin

Cyclisme

Siklis Otrichyen Bernhard rekonèt li te pran substans CERA lè l te fini 3 zièm nan kous bisiklèt Tour de Frans la. Msye di li pa prale an apèl ak entèdiksyon 2 zan dirijan spòtif yo ap pran kont li.

XS
SM
MD
LG