Seleksyon ameriken an trouve l nan Trinidad and Tobago depi Dimanch la kote li pral rankontre ak seleksyon lokal la nan kad match eliminatwa koup du mond FIFA/ Afrik du Sud Mèkredi 15 Oktòb la. Ameriken yo pral jwe rankont la apre yo kalifye pou ekzagonal final zòn KONKAKAF la gras ak yon swif 6 a 1 yo pase Kuba Samdi isit Washington. Antrenè seleksyon ameriken an Bob Bradley di apre 2 zièm gòl la yo te déjà mete lòd nan dezòd:"Apre nou make 2 zièm gòl la nou konnen nou te kapab make plis toujou akoz fason nou tap woule balon an. Konsa pandan 2 zièm mitan an nou pral kontwòl match la. Nou pat pèdu tan pou n make plis gòl gras ak yon seri de konbinezon."
Sou 14 jwè ki te patisipe nan rankont la 12 pami yo ap jwe nan peyi etranje. Seleksyon Kuba a, ki jwe plis ke mwatye rankont Samdi a ak 10 jwè, te afekte psikolojikman apre 2 jwè ekip la te kraze rak la vèy rankont la. Antrenè Alman Reinhold Franz, ki se nouvo konseye seleksyon Kuben an, kwè :"se yon kesyon jwè yo ta dwe reponn pandan li kwè o pwen d vu teknik jwè yo trè bon men taktiman e matalman yo pat sou teren an. Yo panike twò vid."
Pou sa ki gen rapò ak rankont Gwatemala a msye Reinhold di li difisil pou prepare yon match koup du mond nan 2 jou aloske yo te gen plizyè semèn pou prepare rankont Etazuni. Nou te mande l èske lap demisyone apre eliminasyon selekyon an nan kanpay koup du mond la li te reponn :"nap tann pou n wè-nap gen pou n diskute ak responsab yo men se yon chwa kap difisil."(NDLR-nap di msye Reynold ap travay gratis pou federasyon an ki sèlman kouvri frè lojman, vwayaj ak nouritu.)
Nan lòt rankont ki jwe nan group A a Trinidad and Tobago rache yon nul 0 a 0 lakay Gwatemala 0 a 0 Samdi. Tou 2 ekip yo toujou gen chans pou kalifye nan ekzagonal final la kap kòmanse ane pwochè n akoz yo chak gen 5 pwen. Nap gen yon ide Mèkredi lè Etazuni ap rankontre Trinidad epi nan La Havann Kuba ap akeyi Gwatemala. Antrenè Bob Bradley fè yon pase men nan seleksyon an kote li mete akote 9 titulè epi fè apèl ak 4 nouvo jwè kap jwe nan MLS la.
Balon te woule nan lòt group yo nan group B a Jamayik kale Meksik 1 a 0 nan Kingston pou l rete an vi dèyè youn pami 2 plas nan group la. Honduras ogmante chans li gras ak yon swif 3 a 1 yo pase Kanada ki elimine. Honduras pataje tèt group la ak Meksik ak 9 pwen pandan ke Jamayik gen 4 pwen. Pratikman anyen poko deside nan group sa a. Mèkredi pral enpòtan pou group la lè Honduras ak vizite Jamayik epi Meksik pral nan Edmonton kote li pral rankontre Kanada.
Nan group C a Kosta Rika kalifye pou ekzagonal final apre yo danse sou Surinam 4 a 1. Salvador toujou nan kous la apre match 0 a 0 yo fè ak Ayiti nan Pòtoprens. Mèkredi Ayiti pral lakay Kosta Rika epi Salvador ap akeyi Surinam Salvador bezwen yon viktwa pou l kalifye nan ekzagonal final la.