Accessibility links

Breaking News

Chanjman nan Tèt Seleksyon Kuba a


Foutbòl/ Mondyal

Responsab federasyon football Kuba chanje antrenè seleksyon an Alman Reinhold Franz pozisyon pou mete l kòm konseye seleksyon an.

Ansyen antrenè Raul Gonzalez Triana se nouvo antrenè seleksyon ki sot pran yon rakle 6 a 1 nan men Etazuni nan eliminatwa koup du mond la. Franz nan tèt seleksyon an depi mwa Mas kote li tap travay gratis. Responsab yo peye sèlman frè vwayaj, lojman ak nouritu.

FIFA anonse tèt de seri eliminatwa koup du mond Afrik du Sud pou kontinan Afriken an. Senegal elimine nan tounwa a. Tèt de seri yo se Cameroun, Ejipt, Ghana, Kot Divwar ak Nijerya. Fòmasyon group yo ap dewoule 20 Oktòb nan Zurik. Peyi ki kalifye pou round final la se Aljeri, Guine, mali, Maròk ak Tunizi nan pot numewo 2 a. Benin, Burkina Faso, Gabon, Kenya, ak Zambi nan pot numewo 3 a. Pot numero 4 la gen ladann Malawi, Mozambique, Rwanda, Sudan ak Togo.

5 venkè group yo ap kalifye otomatikman pou koup du mond la. 3 premye nan chak group yo ap kalifye pou faz final la koup dAfrik dè Nasyon 2010 la kap dewoule an Angola.

Unyon Football Eropeyen an mande Real Madrid pou jwe 2 pwochen rankont yo sou yon teren neut akoz pawòl rasis fanatik yo te lanse kont football franse Marseille.

An plis de match yo ki dwe jwe an sou yon teren neut klub la gen pou peye plis pase 200 mil dola amand dapre anons ki fèt jodi a. 2 match yo dwe jwe a yon distans minimòm 300 kilomèt vil Madrid. Atletiko de Madrid gen juska 17 Oktòb pou ale an apèl ak desizyon an.

Foutbòl / Ameriken

Cleveland Brown krabinen New York Giant 35 a 14 nan kad match football zèpòl kare ki jwe chak Lendi swa pandan sezon an. Se premye defèt Giants yo subi depi debu sezon an ak 4 viktwa 1 defèt pandan ke Cleveland gen yon palmarès 2 viktwa 3 defèt.

Baskètbòl / Ekonomi

Asosyasyon nasyonal Basketball Ameriken an tounen premye òganizasyon spòtif ki anonse yon pase men nan fòs travay la akoz kriz ekonomik Etazuni ap traverse a. Komisyonè NBA a David Stern anonse yap redui fòs travay de 9 pou 100 swa 80 manb pèsonèl la. Anons sa a fèt nan moman Lig la ap pare pou louvri sezon regulye a nan fen Oktòb.

Cyclisme / Dopaj

Siklis Otrichyen Bernhard, ki te fini 3 zièm nan kous bisiklèt Tour de Frans la, teste pozitif pou yon subtans entèdi nan spò ki rele CERA—responsab yo pral fè yon 2 zièm tès-si l konfime Khol ap tounen 4 trièm siklis ki teste pozitif nan kous bisiklèt Tour de Frans ane sa a. Msye kapab fè fas ak yon suspansyon 2 zan.

XS
SM
MD
LG